Accessibility links

Breaking News

Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an Fòme Yon Nouvo Buwo


Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an mete buwo a sou pye madi nan swa nan yon eleksyon ki dewoule pami 9 manm enstitisyon an ki gen misyon prepare e oganize eleksyon nan peyi Dayiti. Misyon nouvo buwo a se fasilte koòdinasyon ak KEP. Li fòme ak 4 moun ki reprezante legliz katolik, pwotestan, oganizasyon popilè (OP) ak moun andikape yo.

Nan yon lòt devlopman, prezidan repiblik la, René Préval, fè kòmantè sou konfli ki sanble ekziste ant komisè gouvènman an, Mèt Claudy Gassant ak chèf Polis Nasyonal la, Mario Andresol, ki refize konparèt devan yon juj enstruksyon sou dosye asasinay Jean Leopold Dominique la, ansyen direktè e pwopriyetè Radyo Ayti Entè enkoni te asasinen anba bal devan estasyon li an nan mwa Avril ane 2000. Nou ka tande deklarasyon lidè ayisyen an ki montre l' ase prudan sou kesyon an.

Anfen, Se Alfred Jean ki va di'n kouman asiz kriminèl yo ap dewoule nan vil Gonayiv.

Pou koute devlopman tout pwen sa yo, fè yon klik sou ralonj ki sou tèt rezime sa a. Nou ka tande tou plizyè lòt pwen aktyalite a si nou ale sou lyen ki agòch paj wèb la, anba seksyon "audio a'' jlike sou pwogram apre midi a.

XS
SM
MD
LG