Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Pozitif nan Milye Politik yo aprè Fòmasyon Nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a


Ann Ayiti, kreyasyon ak enstalasyon nouvo KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) kontinye pwovoke reyaksyon pozitif nan milye politik yo. An jeneral obsèvatè ki reyaji yo panse sa pral pèmèt responsab yo evite yon vid enstitisyonèl nan peyi a. Korespondan nou nan Pòtoprens (RenanToussaint), nan Gonayiv (Alfred Jean), ak kòlèg nou nan Washington, Jean-Pierre Leroy, kouvri dosye sa a pou nou.

Yon lòt kote, Jean Robert Philippe antre an kontak ak Reveran Pè Edwin Paraison, k ap viv nan Santo-Domingo, pou l te gen dènye nouvèl sou dega tanpèt twopikal Olga koze nan Repiblik Dominikèn. Pè Paraison reyaji sou enfòmasyon ki fè konnen kèk imigran ayisyen ta viktim nan inondasyon move tan an koze.

Pou w koute devlopman nouvèl sa yo, fè klik sou lyen ki anlè a.

XS
SM
MD
LG