Nan okazyon 59èm. anivèsè Deklarasyon Inivèsèl Dwamoun 10 desanm 2007 la, òganizasyon entènasyonal kou nasyonal lanse apèl bay gouvènman Préval-Alexis a pou mande l fè plis efò pou l pote chanjman pozitif nan sitiyasyon dwazimen nan peyi a. Lidè òganizasyon sa yo site divès domèn ki, daprè yo, merite amelyorasyon: refòm otorite yo anonse --men ki pa fèt-- nan sistèm jistis la; moun ki komèt krim, men ki toujou an libète; ankèt ki ouvè, men ki pa janm abouti ("l'enquête se poursuit", elatriye...
Pou n tande devlopman nouvèl sa a ak lòt ankò avèk jounalis e korespondan nou yo, klike sou lyen ki anlè a.