Accessibility links

Breaking News

Boksè Kanadyen dorijin Ayisyen Konsève Tit WBA a


Boxe

Boksè Kanadyen dorijin ayisyen Joachin Alcine konsève tit Super mi-moyen Konsèy Mondyal Boks la apre li chavire boksè Panameyen Alfonso Mosquera alyas el Huracan pandan 12 zièm e dènye round nan Alcine kapab rankontre ak franse Christophe Canclaux an Mas pwochen si blesu li resevwa a pandan rankont geri. Si msye konsève tit la li kapab rankontre an Me pwochen Porto Riken Daniel Santos.

Boksè Ostralyen Anthony Mundine konsève ak suksè tit Super pwa Mwayen Asosyasyon Mondyal Boks la kategori 76 kilo 2 apre li lage 2 pye long boksè arjanten Alberto Clavero nan 4 trièm round nan.

Basketball

Miami kale LA Clippers 100 a 94 gras ak sutou Dwane Wade ki make 35 pwen e fè 10 pas ki fè panye. Viktwa sa-a mete antrenè Pat Riley 1200e viktwa-l nan NBA-a . Li se 3e antrenè nan istwa Lig-la ki rive . pat Riley ranpòte 5 tit pandan 24 tran . Nan lot rankont ki te jwe yè swa, Kobe Briant make 28 pwen pou ede LA Lakers kale Golden State Warriors 123 a 113. Toroton Raptors, Washington, Detroit Pistosn, Portland Trail Blazers ak New Orleans ...yo tout ranpòte la viktwa.

Olenpics

Kandidatur Chikago pou òganize jeu zolempik 2016 kap fè fas ak yon opozisyon supriz. Gwo militan blak ameriken Al Sharpton deklare li pral mande Komite Olempik entènasyonal-la pou-l rejte kandidatu Chikago si responsab vil-la pa konsidere brutalite polisyèr ak move konduit polisye-yo. Al Sharpton ajoute, aktuèlman Chikago pa sanble yon kote ki ka resevwa yon evenman entènasyonal . Chikago twouvel pami 7 vil ki vle òganize jeu dete 2016 . Kèk nan vil sa-yo se Madrid (Espay) , Tokyo, Rio de Janeiro. CIO-a ap seleksyone vil-la an oktob 2009.

Football

Prezidan barselòn-nan Joan Laporta deklare devan la près :brezilyen Ronalnidyo pa pou vann . Konsa prezidan an vle mete fen nan rume kap suikule depi kèk jou sou yon evantuel transfè entènasyoanal brezilyen-an nan Tchelsi ou ankò nan Milan AC

Uruwa Red Diamonds, yon klub japonè , kalifye pou demi final Mondyal dè klub chanpyona-anaapre li kale 3-1 klub iranyen Sepahan. Japonè-yo ap rankontre ak Milan AC jedi. Mèkredi Etoile Sahel (yon klub tunizyen ), ki te elimine klub Meksiken Pachuca ap rankotre Boca Junior.

Unyon Spòtif Freres, Valencia, Eclair, Jenès Spòtif Kapwa kalifye pou semi final chanpyona 2 zièm divizyon ayisyen an. Jodi a Lendi a US Frere ak rankontre Valencia de Leogan epi demen Madi a Jenès Spòtif Kapwa fas ak Eklèr dè Gonayiv. 2 venkè yo, kap rankontre an final Jedi 13 Desanm nan, ap monte an premyè divizyon kap gen yon total 14 klub.

Ansyen antrenè seleksyon nasyonal ameriken an Bruce Arena manifeste entansyonn pou l ta antrene seleksyon Ekosè a. Ansyen antrenè New York Red Bulls la di li pral mande ajann pou l antre an kontak ak dirijan Ekosè yo pou eksprime enterè l dèyè pòs la ki vid. Msye Arena rete kwè yon ameriken kapab gen suksè lòt bò atlantik la. Ekòs pat kalifye pou faz final Ero 2008 yo.

XS
SM
MD
LG