Accessibility links

Breaking News

Venezuela: Prezidan Chavez Aksepte Defèt li Nan Referendum Dimanch la


Sitwayen peyi Venezuela rejte yon pwojè refòm an pwofondè nan Konstitusyon an ke Prezidan Hugo Chavez te pwopoze. Pou lidè nan opozisyon an, vòt yè a se yon kokenn defèt pou efò prezidan an tap fè pou li enpoze chanjman sosyalis nan Venezuela.

Menmsi plizyè nan pwopozisyon msye Chavez yo te ka nan gou anpil Venezuelyen--pa egzanp ogmantasyon benefis sosyal pou travayè ak rediksyon jounen travay la soti nan 8 pou desann nan sizèd’tan-- opozisyon an ak sosyete sivil la te rive konvenk yon majorite ke, an gwo, se yon pwojè ki vize plis konsolide pouvwa Chavez e baskile Venezuela nèt nan yon rejim sosyalis. Jeneral Raul Isaias Baduel se ansyen minis defans nan Venezuela. Li te fè kanpay kont referendum nan. Li di prezidan an te eseye fòse pèp venezuelyen an aksepte yon plan refòm ke li-menm te pwopoze e li te jwe ak santiman piblik la, pou l’te ka chache fè apwouve plan sila a.

Jiskaprè minui, responsab elektoral yo t'ap konte bilten e, finalman, yo anonse ke 51-pousan elektè vote NON, 49-pousan vote Wi, kidonk pwojè Chavez la tonbe. Apre anons rezilta yo, Prezidan Hugo Chavez te kenbe pwomès li: li felisite opozisyon an e li mande patizan n' yo pa dekouraje paske yo pèdi ak yon diferans tou mens. Aktyèl konstitisyon Venezuela a entèdi l' re-parèt kòm kandida lè manda li va bout nan lane 2013.

XS
SM
MD
LG