Accessibility links

Breaking News

Etazuni Ranpòte Koup Davis la


Tennis

Etazuni ranpòte final koup Davis la devan la Rusi ke li kale 4 a 1. Dènye fwa Etazuni te ranpòte koup Davis la se te an 1995. Sa fè Etazuni 32 zièm tit li ranpòte nan konpetisyon an.

Football

Footbalè brezilyen Kaka kap jwe nan Milan AC resevwa balon dò Eropeyen Frans Football pou ane a. Kaka ede Milan AC ranpòte tit lig dè chanpyon Eropeyen an ak kèk pèfòmans. Kaka ranmase 444 pwen pami 96 jounalis ak 50 footballè mondyal. Pòtugè Cristiano Ronaldo fini an 2 zièm pozisyon ak 277 pwen devan arjanten Lionel Messi ki fini ak 255 pwen. Gen posibilite pou Kaka ranpòte pri meyè jwè FIFA pou ane a nan fen mwa.

La Frans ki te rankontre ak Itali nan final koup du mond Almay 2006 la ak pandan faz eliminatwa Ero 2008 la, eh byen 2 ekip yo tonbe nan menm group faz final Ero 2008 la nan group C a ansanm ak Woumani ak la Oland-yon group ki pote non group lanmò a.

La Swis ki se youn nan peyi òganizatè a trouve l nan group A a ansanm ak Portugal Turki ak Republik Tchèk. Group A e C ap jwe an Swis Nan group B a gen lòt peyi òganizatè a Otrich gen lajdan Alman, Kwasi ak Polòy--2 nouvo venu.

Group D a gen chanpyon an tit la Grès, Espay ak la Rusi. Match douvètu a ap fèt nan Bal an Swis ant Republik Tchèk ak la Swis 7 Jwen epi final la ap dewoule nan vil Vyèn le 30 Jwen.

Òganizatè Ero 2008 yo mande tout jwè ki pral patisipe nan faz final konpetisyon an pou yo subi ekzamen medikal epi yon medsen chita sou ban-d-touch la. Responsab yo pran desizyon an apre yon seri de ensidan kote 2 footballè mouri ak yon arè kadyak pandan yo te sou teren an.

Toujou sou kontinan Eropeyen an Liverpool woule Bolton 4 a 0 pou l klase 3 zièm nan lig football Angle a dèyè Manchester United ak Chelsea ak 1 pwen de diferans.

Bayern de Munick retounen nan tèt klasman Bundersliga a gras ak yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Arminia Bielfield. Bayern pran tèt klasman an devan Werder de Brem ki kale Hambourg 2 a 1.

An Itali Inter de Milan kontinye ap domine chanpyona a apre viktwa yo ranpòte devan Fiorentina. Inter gen 3 pwen devan AS Wòm ki kale Udinese 2 a 1 pou mete l 2 pwen. Juventus fè match nul 0 a 0 ak Milan AC.

An Espay Real Madrid kontinye ap byen men-nen a domisil apre viktwa 3 a 1 li ranpòte devan Racing Santander nan stad Santiago Bernabeu. Espayòl ak FC Barselòn fè match nul 1 a 1 nan yon dèbi ki te mete fas a fas 2 klub Katalan.

Nan la Oland PSV Eindhovein reprann tèt klasman jeneral la apre defèt 3 a 1 Ajax Amsterdam subi devan NAC Breda.

La polis Alman deplwaye 800 polisye pou kore efò otorite Otrichyen yo ap fè nan garanti sekurite pandan dewoulman faz final Ero 2008 la. Mezu sa yo pran apre Kwasi, Almay, Polòy ak Otrich figure nan menm group konpetisyon an.

Otorite Sèb yo anonse yap adopte mezu sevè apre yon polisye blese pandan yon rankont football ki dewoule yè Dimanch la. Pwojè lwa a prevwa yon pèn prizon 10 zan pou tout machann dezagreman la justis ta jwen koupab.

Seleksyon feminen football Jamayik la kalifye pou faz final eliminatwa je zolenpik yo apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Kuba.

Washington Redskin pase yon move moman yè Dimanch la nan moman yap pare pou antere defansè ekip la Sean Taylor jodi a. Redskin yo pèdu 17 a 16 aloske te manke 4 sekond pou match fini. Sou asasina Sean Taylor, la polis nan eta Florid arete 4 moun ki gen ant laj 17 a 20 anba akuzasyon yo ta gen rapò ak asasina a ki rive sa gen yon semen. Indianapolis Colt amelyore dosye l tou apre viktwa 28 a 25 yo ranpòte devan Jacksonvil Jaguar. Palmarès la se 11 viktwa 2 defèt.

Basketball

Boston Celtics amelyore dosye nan NBA a apre viktwa 80 a 70 yo ranpòte devan Cleveland Cavaliers. Viktwa a mete yo ak 14 viktwa 2 defèt. San Antonio Spurs woule Portland Trail Blazers 100 a 79.

Vollebòl

La Rusi, Bulgari ak Brezil kalifye pou Je zolenpik Peken 2008 yo nan Volebòl maskulen. Etazuni kapab gen yon chans lè lap patisipe nan yon tounwa repechaj nan Porto Riko mwa pwochen an.

XS
SM
MD
LG