Accessibility links

Breaking News

Ayiti Fèk Patisipe nan yon Konferans Entènasyonal sou SIDA nan Okazyon Jounen Mondyal SIDA a Samdi 1e. Desanm 2007 la


Nan okazyon Jounen Mondyal SIDA a (Samdi premye desanm nan), yon konferans entènasyonal dewoule nan vil Maniy, kapital Filipin, kote patisipan yo pale de fason pou yo itilize resous ki la pou konbat epidemi an epi wòl gouvènman yo ak popilasyon sivil yo kapab jwe pou yo ranfòse konba a. Ayiti te prezan nan konferans Maniy la e Jean Robert Philippe pale ak yon manm delegasyon ki te sòti Pòtoprens la, Senatè/Doktè Kelly Bastien.

Sou menm dosye a, chif ak estatistik montre Ayiti fè pwogrè nan batay kont VIH-SIDA a. Sepandan, youn nan espesyalis ayisyen k ap travay nan domèn nan, Doktè Hubert Kelly Morquette, di VOA rezilta sa a pa vle di batay la fini --o kontrè. Dr. Morquette reponn kesyon Marie-Luce Pierre.

Yon lòt kote, divès aktivite pral dewoule atravè lemond samdi premye desanm nan pou make Jounen Mondyal SIDA a. Sèvis Kreyòl la prepare yon repòtaj sou kèk nan aktivite sa yo.

Klike sou 2 lyen ki anlè yo pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis nou yo.

XS
SM
MD
LG