Prezidan Bush rankontre Prezidan Mahmoud Abbas ak Premye-Minis Ehud Olmert jodi a pou l’inogire premye negosyasyon dirèk ant Palestinyen ak Izrayelyen depi 7 an.
Apre msye Bush fin rankontre yo chak apa, yo tou lè 3 te chita ansanm epi George Bush te fè yon deklarasyon piblik apre sa. Maten an, Sekretè-deta Condoleezza Rice te lanse yon apèl pou gen suivi, san pèdi tan, apre antant 2 pati yo jwenn nan konferans entènasyonal ki dewoule yè madi a. Yon repòtaj Lyone Desmarattes!
Fè klik sou ralonj ki anlè foto a.