Dapre deklarasyon otorite nan Polis Nasyonzini ki nan Ayiti, nan 3 semèn yo anrejistre omwen 20 ka anlèvman nan kapital la, Pòtoprens. Pandansetan, bandi achte vil Kabarè lajan kontan.
Ki sa k'ap fèt pou bay sekirite, sitou ak fèt fen dane yo k'ap p[woche la a? Se kesyon sa a Jean Robert Philippe ak Jn-Pierre Leroy abòde ak 2 responsab: Komisè ki responsab Direksyon Jeneral Polis Jidisyè a (DCPJ), Franck Thermilus, ak Pòt-Pawòl UNPOL Fred Blaise.
Pandansetan nan Kap-Ayisyen, dirijan nan Meri a anonse yon kanpay pou mete plis kontwòl sou trafik machin ak motosiklèt, apre yon aksidan touye yon sitwayen ki te sou yon moto, semèn sa a.
Pou w'ka tande repòtaj nou prezante sou aktyalite a nan peyi dAyiti, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.