Accessibility links

Breaking News

Balon Ap Kontinye Woule sou Kontinan Eropeyen an


Football

Balon pral kontinye woule nan kad 5e jounen Lig Chanpyon ewopeyen-an . Gen posibilite pou plizyè klub jwen kalifikasyon-yo pou 8e de final-yo ---klub tankou Milan AC, Chelsea, FC Porto ak Real Madrid kapab kalifye akondisyon yo ranpòte la viktwa ou byen yon nul pou sèten tankou Milan AC, Real Madrid. Nan gwoup D-a : klub Shaktar Donetsk kapab kalifye tou si-l kale Celtic Glasgow .

Kèk rezulta nan match ki te jwe yè-yo : klub Italyen Inter de Milan kalifye pou 2 ziém tou a apre li kale klub Turk Fenerbah 3 a 0. AS Wòm kalifye tou apre li toupizi Dinamo de Kyèv 4 a 1 pou l kalifye ansanm ak Manchester United ki li menm wouze Sporting de Lisbon 2 a 1.. Arsenal subi premye defèt li nan group H la fas a Seville 3 a 1. Barselòn rache yon nul an deplasman 2 a 2 fas ak Lyon. Yon nul ki kalifye Barsa alòske Lyon pral chèche biyè lakay Glasgow Rangers nan 2 semèn.

Foutbòl sou kontinan azyatik-la : atakan saoudyen Yasser Al Qahtani ranpòte pri “ foutbolè de l’ane” pou Azi pandan ke ekip nasyonal irakyèn-nann resevwa gwo onè nan okazyon seremoni sa-a ki te dewoule nan Sidne ann Ostrali. Ekip japonèz Urawa Reds , ki te ranpòte Chanpyon Lig azyatik-la resevwa pri ekip de l’ane . Antrenè de lane : Raul Inileen moun peyi Uzbekistan.

Responsab nan eta Bahia o Brezil anonse yon demantibile stad ki sot pèdu moso e ki lakoz 7 moun mouri pou pipiti. Dapre anons la otorite fè konnen stad la ap gentan pare avan debu koup du mond 2014 la kap dewoule o Brezil.

Olympics

Nan peyi Angletèr, Komite olempik-la anonse ekip olempik-yo pral antrene nan Macau pou 3 semèn anvan jeu zolempik Peken 2008-yo kap dewoule nan peyi :Lachinn. Responsab-yo di . nan Macau ou jwenn enstalasyon yo te konstrui pou Jeu zolempik Azyatik 2005-yo. Li ofri atlèt enstalasyon pou bon jan antrenman nan yon anviwonman ki gen sekurite. Jeu Pekin-yo ap kòmanse 8 Out 2008.

Basketball

Lebron James make 38 pwen pou ede Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa an pwolongasyon 109 a 104 devan Boston Celtics, l’équipe en forme du moment. Miami Heat danse sou Charlotte Bobcats 110 a 90. Memphis Grizzlies redi avan li kale New Jersey Nets 110 a 103. Philadephia 76ers, /chikago Bulls, Los Anjeles Lakers yo tout ranpòte la viktwa.

Tennis

Ekip koup Davis Etazuni espere bay la Rusi yon leson lè yap rankontre an final semen sa a nan eta Oregon

XS
SM
MD
LG