Accessibility links

Breaking News

Lapolis ann Ayiti Arete 4 Moun ki ta Mele nan yon Atak Sou Radyo-Tele Ginen


Lapolis ann Ayiti anonse arestasyon 4 moun nan kad ankèt otorite yo ap mennen sou yon atak ki te fèt sou Radyo-Tele Ginen nan kòmansman mwa novanm nan. Daprè responsab Polis Jidisyè a nan Pòtoprens, genyen yon anplwaye estasyon an pami suspèk ki anba men otorite yo.

Yon lòt kote, nouvèl ki sòti Ti Gwav fè konnen yon asosyasyon medya rejyonal akize otorite lajistis yo deske yo ta mal jere dosye ankèt sou asasina jounalis Brignol Lindor. Pandansetan, yon manm Sena a mande gouvènman Préval-Alexis a akselere fòmalite pou kreyasyon yon lòt KEP (Konsèy Elektoral Pwovizwa), dekwa pou eleksyon lejislativ yo kapab dewoule anvan avril 2008. Daprè palmantè a, eleksyon yo nesesè pou evite yon vid enstiitisyonèl.

Anfen, nan Repiblik Dominkèn, otorite yo kontinye depòte imigran ayisyen ki ilegal nan Panyòl san konsiderasyon pou antant ant 2 peyi yo ni konvansyon entènasyonal ki regle kesyon konsa.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG