Football
Tiraj osò koup du mond 2010 la dewoule yè Dimanch la nan Durban an Afrik du Sud. Peyi Eropeyen yo, ki divize an 9 group, pral batay dèyè 13 plas. Premye nan chak group yo ap kalifye dirèkteman pandan ke 8 meyè 2 zièm yo pral jwe yon match de baraj. Prezans Kwasi, Angletè ak Ukrèn rann batay la difisil nan group 6 la.
Situasyon an kapab konplike nan group 1 an ki gen ladann peyi tankou la Swèd, Danmak ak Pòtugal. La Swèd ak Danmak rankontre pandan anviwon 100 fwa men jamè nan eliminatwa yon koup du mond. Itali, chanpyon du mond an tit la, kapab pase yon move moman fas ak Bulgari ak Irland. Pandan ke la Frans dwe surmonte ekip tankou Woumani ak Sèbi. Yon lòt duèl se Republik Tchèk ak Yougoslavi--2 peyi ki te fè yon sèl pandan anpir Sovyetik la e ki patisipe nan 2 koup du mond FIFA sou non Tchekoslovaki.
Peyi Afriken yo divize an 12 group --4 plas an je apre Afrik du Sud kalifye dofis. 4 plas pou kontinan Azyatik la ki divize an 5 group--2 premye nan chak group ap kalifye pou pwochen tou a ak posibilite pou yon lòt plas lè peyi ki klase 5 kièm nan ap rankontre venkè group Oseyani an. Duèl nan zòn sa a ap mete bab pou bab Kore du Nò ak Kore du Sud. KONKAKAF la pral dèyè 3 plas ak posibilite yon 4 trièm. Peyi ki klase 4 trièm nan zò n nan ap rankontre nan yon match de baraj ak peyi ki klase 5 kièm nan Amerik du Sud la ki deja gen 4 plas.
Ayiti gen pou rankontre venkè rankont Nikaragwa ak Antiy Nerlandèz la pou l kapab figure nan group 3 a. Kuba ap rankontre venkè rankont Aruba-Antigua ak Barbuda. Gwatemala ak rankontre venkè rankont Turk and Caicos ak Sent Lusi. Trinidad and Tobago ap rankontre ak venkè rankont Bermud/ Il Cayiman yo. Etazuni ap rankontre venkè rankontre Dominik/ Barbados pou group 1 an.
Nan group 2 a Meksik ap rankontre venkè rankont Beliz/Sen Kitts and Navis. Kanada kont venkè rankont Sen Vensan ak Grenadin.Jamayik kont venkè rankont Bahamas/ Il Vyèj yo. Honduras kont venkè rankont Republik Dominikè n/ Porto Riko.
Si lojik peyi nan rejyon an respekte san oken supriz Meksik, Kanada, Honduras, Jamayik pral gen pou fè anpil efò menm situasyon an pou Etazuni, Trinidad and Tobago, Kuba ak Gwatemala pral trouse ponyèt yo dèyè youn pami 3 plas kalifikatif otomtatik la. Kanpay la 19 vièm edisyon an ap dure plis pase 800 jou pou rive an Novanm 2009 ak patisipasyon 170 peyi.
Prezidan FIFA a Sepp Blatter eksprime supò l pou pwopozisyon ki kapab enpoze limit sou kantite jwè etranje kap evolye nan klub yo ak seleksyon nasyonal. Dapre pwopozisyon an chak klub ta dwe genyen 6 jwè lokal -yon pwopozisyon ki kapab monte yon maswife bò kote gwo klub Eropeyen yo. Msye Blatter kwè lwa ki bay jwè etranje yo sitwayènte nan yon espas de 2 zan menase karaktè nasyonal.. Msye Blatter site kòm ekzanp jwè Brezilyen ki pa kalifye pou jwe nan seleksyon an kapab al fè pati lòt seleksyon si pa gen chanjman ki fèt nan lwa yo. Propozisyon an pral diskute nan okazyon rankont komite ekzekutif FIFA pral fèt nan vil Sidne an Ostrali an Mas 2008.
2 match fini an pwolongasyon nan chanpyona football zèpòl kare a. Chikago Bears te bezwen pwolongasyon pou l kale Denver Broncos 37 a 34 malgre Broncos yo tap men-nen. Nan Phoenix Arizona Cardinals tonbe nan pwolongasyon devan San Francisco 49ers. New England Patriots toujou envenku. Yè Dimanch la Patriots yo remonte yon defisi pou yo kale Filadelphia Eagles 31 a 28. Washington Redskins tonbe devan Tampa Bay Buccneers 19 a 13. New York Giants tonbe fas anba devan Minnesota 41 a 17 epi Miami Dolphins, ki poko ranpòte oken viktwa depi debu sezon an pral lakay Pittsburg Steelers aswè a. Volleyball
Etazuni wouze Kore du Sud 3 a 0 nan 3 zièm tou chanpyona du mond Volebòl maskulen kap dewoule o Japon. Etazuni gen yon palmarès 5 viktwa 2 defèt klase an 4 trièm pozisyon
Atletisme
Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la seleksyone ameriken Tuson Gay ak Etyopyen Mesert Defar kòm pibon pami pibon atlèt maskulen ak feminen pou ane a. Gay te ranpòte kous 100 ak 200 mèt epi te fè pati ekip relè ki te ranpòte kous 4 par 100 mèt la nan Osaka o Japon. Etyopyèn nan te bat pwòp rekò du mond li nan kous 2 mil la. An plis de sa Meseret te bat rekò nan kous 5 mil ak 3 mil mèt an sal san bliye meday dò li te ranpòte nan kous 5 mil mèt la.
Tennis
Federasyon Tenis Entènasyonal la konklu pa gen prèv ki montre akuzasyon kòm kwa Tommy Haas te pran yon pwazon avan yon match koup Davis kont la Rusi sa gen 2 mwa.
Basketball
Lebron James make 30 pwen pou ede Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa tou mens devan Indiana Pacers 111 a 106. New Jersey Nets ranpòte yon viktwa de justès devan Los Anjeles Lakers malgre Kobe Bryant make 31 pwen nan rankont/ Utah Jazz danse sou Detroit Pistons 103 a 93. Chikago Bulls tonbe devan Toronto Raptors 93 a 78. San Antonio amelyore pozisyonn nan lig ak yon viktwa 116 a 101 sou Seattle Supersonics pou mete yo ak 12 viktwa 2 defèt.