Accessibility links

Breaking News

Tiraj Osò Koup du Mond 2010 la Fikse pou Dimanch


Football

Dimanch 25 Novanm nan atansyon obsèvatè yo pral tounen nan vil Durban an Afrik du Sud kote tiraj osò eliminatwa koup du mond la pral dewoule. Sekretè Jeneral FIFA Jerome Valcke ap mèt de seremoni kap kòmanse ak tiraj osò pou kontinan Azyatik la.

Answit zòn KONKAKAF la. Konsènan zòn KONKAKAF la responsab ap fè tiraj la baze sou klasifikasyon FIFA te publiye an Me pou 35 peyi manb yo. Etazuni ap kòmanse kanpay kalifikasyon pandan 2 zièm etap la ki ta dwe kòmanse an Jwen.

Kontinan Eropeyen an ak patisipasyon 53 peyi kap divize an 9 group pou detèmine 13 reprezantan vye kontinan an. Kontinan Afriken an ak patisipasyon 48 peyi kap divize an 12 group de 4.

3 mil moun pami delegasyon peyi manb yo ap reyuni nan Sant Konvansyon an pou asiste tiraj osò a. Plizyè gran footbalè afriken tankou Liberyen George Weha, Ganeyen Abedi Pele ak Sud Afriken Lucas Radebe ap patisipe nan seremoni a kap dure 90 minit.

FIFA fè konnen lap anonse si Stad Nelson Mandela a ap figure pami 8 stad kap akeyi koup Konfederasyon an akoz delè ki sanble gen nan konstruksyon an. FIFA fè konnen lap fè anons la an Janvye pwochen.

Arjantin toujou numewo 1 nan klasman FIFA publiye jodi a malgre defèt 2 a 1 yo sot subi devan Kolonbi. Brezil klase 2 zièm, Itali klase 3 zièm. Ansuit nou jwen Espay, Almay, Republik Tchèk, la Frans, Portugal, la Oland ak Kwasi konplete lis 10 premye peyi football mondyal.

Nan KONKAKAF la Etazuni klase 19 vièm dèyè Meksik ki klase Meksik. Nan Karayib la Ayiti klase 66 zièm devan, Kuba, Sen Vensan ak Grenadin ak Trinidad and Tobago respektivman 70 zièm, 77 tièm ak 83 zièm.

La polis entènasyonal anonse arestasyon 423 moun nan yon operasyon sere boulon yo mennen sou kontinan Azyatik la kont moun kap parye nan spò.

Absans Angletè nan Ero 2008 la kapab koute tèt de seri eliminatwa koup du mond 2010 la apre yo klase 12 zièm nan nouvo klasman FIFA a. Peyi ki kapab tèt de seri yo se, Itali, Espay, Almay, Republik Tchèk, Frans, Portugal, la Oland, Kwasi ak la Grès. Responsab yo angle yo ap kontinye konsultasyon pou nonmen yon nouvo antrenè nan tèt seleksyon an. Juska prezan tout kandida yo kontakte pa dakò.

Responsab football Eropeyen yo publiye lis tèt de seri pwochen koup Eròp dè Nasyon 2008 la apre dènye jounen chanpyona a. Chanpyon sòtan an la Grès, peyi òganizatè yo la Swis, Otrich ak la Oland nan menm po pa rapò ak pèfòmans yo nan koup du mond 2006 la ak eliminatwa Ero 2008 la. Nan po numewo 2 a nou jwen Kwasi, chanpyon du mond an tit la Itali, Republik Tchèk ak la Swèd. Nan Pòt numewo 3 a nou jwen Almay, Woumani, Portugal ak Espay. Pot numewo 4 la gen Polòy, Frans, Turki ak la Rusi. Tiraj osò a fikse pou Dimanch.

Indianapolis Colt woule Atlanta Falcons 31 a 13 yè Jedi a nan okazyon fèt daksyon de Gras la.. Green Bay Pakers suprann Detroit Lions 37 a 26. Dallas Cowboys danse sou New York Jets 34 a 3 pou l mete l ak 10 viktwa 1 defèt.

Cyclisme

Siklis Italyen Cristian Moreni resevwa yon suspansyon 2 zan apre li teste pozitif pou anabolizan pandan kous bisiklèt Tour de Frans la ane sa a. Se yè Jedi a Federasyon Siklis Italyen an anonse nouvèl la. Moreni te rekonèt kulpabilite l pandan 11 zièm etap konpetisyon an.

Volleyball

Seleksyon volebòl maskulen Rus la kontinye ap byen men-nen nan chanpyona du mond volebòl kap dewoule o Japon.Rus yo ranpòte 5 kièm viktwa yo fwa sa a yo woule Japon 3 a 0 nan Hiroshima. Arjantin amelyore dosye nan konpetisyon apre viktwa 3 a 1 yo ranpòte devan Ostrali pou mete ak 3 viktwa kont 2 defèt menm dosye ak Ostrali Kore du Sud remonte yon defisi pou l kale Tunizi 3 a 2. Nan Toyama chanpyon Olenpik ak mondyal Brezil tronse Bulgari 3 a 0 pou mete yo ak 4 viktwa 1 defèt. Etazuni ranpòte 3 zièm viktwa l fwa ameriken yo kale Ejipt 3 a 0. 3 premye nan tounwa 12 nasyon an ap kalifye pou Je Zolenpik Peken 2008 yo.l̀

XS
SM
MD
LG