Football
Federasyon Football Angle a revoke antrenè seleksyon an Steve McLaren yon jou apre angle yo elimine nan faz final Ero 2008 la. Terry Venables, asistan antrenè a, jwen revokasyonn tou. Angle yo ki te bezwen yon nul, tonbe devan Kwasi 3 a 2. La Rusi kalifye apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Andor ki li menm fini nan ke kamyonèt ak 0 pwen. Menm la Frans kalifye sa pa anpeche yo fè match nul 2 a 2 ak Ukrèn.
Ansyen antrenè seleksyon Itali a Fabio Cappello di li pa ta gen pwoblèm pou l ta ranplase MacLaren nan tèt seleksyon Angle a ki rate pou la premyè fwa depi 1994 yon tounwa enpòtan.
La Swèd ak Turki konplete lis 4 peyi ki kalifye pou faz final la. Swedwa yo kalifye apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Letoni epi la Turki ranpòte yon viktwa tou mens devan Bosni Herzegovin. Pòtugal ap patisipe nan faz final la gras ak yon nul 0 a 0 yo fè ak Findland. Lis konplè an plis de peyi ki jwen tikè yo yè Mèkredi a se peyi òganizatè yo la Swis ak Otrich, Almay, Itali, la Grès, la Frans, Republik Tchèk, Espay, La Oland, Woumani, Polòy ak Kwasi.
Nan Amerik du Sud la Brezil kale Urugwe ak difikilte 2 a 1 nan Sao Paolo nan kad match kalifikatif koup du mond Afrik du Sud 2010 la gras ak 2 gòl Luis Fabiano. Viktwa a mete Brezilyen a egalite ak Kolonbi pou 2 zièm plas la dèyè Arjantin. Ekwatè danse sou Pewou 5 a 1. Paragwa pat bay Chili oken chans pou l kale 3 a 0.
An match amikal entènasyonal Jamayik suprann Gwatemala ak yon viktwa 2 a 0
Plis pase 10 milyon dola se lajan sanble Villareal ak Boca Junior dakò kòm frè transfè footbalè Arjanten Juan Roman Riquelme. Arjanten an ki pa jwe oken rankont pou Villarreal depi depi debu sezon an sanble pa ta gen pwoblèm pou l kòmanse jwe nan Boca Juniò.
FIFA aprouve pwovizwaman pwogrè konstruksyon stad koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Responsab yo di malgre yon arè travay preparasyon yo ap mache byen.
Basketball
Boston Celtics tronse Golden State Warriors 105 a 82 nan chanpyona nasyonal NBA a. Franse Tony Parker make 32 pwen pou ede San Antonio Spurs ranpòte yon bèl viktwa devan Orlando Majik 128 a 110. New York Kniks kontinye ap monte yon maswife-yè swa New Yorkè tonbe devan Detroit Pistons 98 a 86. Washington Wizards te bezwen pwolongasyon pou l kale Charlotte Bobcats 114 a 111. Lòt ekip ki ranpòte la viktwa se Cleveland, Dallas, Milwaukee, Indiana, Toronto, New Jersey, Los Anjeles Clippers ak Phoenix.
Tennis
Numewo tenis mondyal la Roger Federer kale ansyen jwè tenis ameriken Pete Sampras pou yon 2 zièm fwa nan kad yon toune amikal yap fè an Azi. Federer te bezwen 2 tie break pou l kale Sampras jodi a nan Kuala Lumpur 7-6, 7-6. Sampras ki gen 36 zan pat kapab kenbe konpa Federer ki gen 26 zan--donk 10 zan de diferans.
Voleball
La Rusi kale Kore du Sud 3 a 0 nan Hiroshima nan kad chanpyon du mond volebol̀ maskulen kap dewoule nan o Japon. Japon kale Arjantin 3 a 0 nan toujou nan Hiroshima. Nan Toyama Etazuni remonte yon defisi pou l kale Bulgari 3 a 2. Pandan ke Ejipt subi 4 trièm defèt li 3 a 0 fwa sa a devan Espay. Brezil woule Porto Riko 3 a 0 pou l klase 2 zièm dèyè la Rusi. 3 premye nan tounwa 12 nasyon an ap kalifye pou je zolenpik Peken ane pwochè n.