Accessibility links

Breaking News

Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun Denonse Prezans Minè Pami Granmoun Prizonye An'n Ayiti


Marie Yolaine Gilles, yon responsab Oganizasyon Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun Ayiti, RNDDH, denonse otorite judisyè ayisyen yo ki, dapre li, pa fè anyen pou rezoud pwoblèm timoun ki fèmen pami granmou nan sant penitansye peyi a.

Nan yon rapò RNDDH publiye alokazyon 18ème anivèsè Konvansyon l'Onu sou dwa timoun yo, li envite responsab peyi a chanje situasyon sa a ki, pa senpleman yon vyolasyon lwa peyi Dayiti men tou vyolasyon konvansyon Dwa Timoun yo Ayiti ratifye. Jean-Pierre Leroy prepare yon repòtaj sou pwen sa a pou Lavwad'lamerik.

Yon lòt kote, Pwosesu pou mete sou pye nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa sanble demare san tanbou ni twonpèt, men pati politik ayisyen yo poko deside si ya'p voye ou non delege ki dwe reprezante yo nan kò elektoral sa a, paske kwè prezans yon delege pap konfòm ak espri endepandans yo dwe obsève vizavi enstitisyon sa a. Clarens Renois di nou arete prezidansyel pou fòmasyon Konsèy la poko soti, men preparatif yo sou pye.

Epi gen yon delegasyon 10 senatè ayisyen kap fè yon vizit semèn sa a Ozetazuni pou konsulte, diskute e tande manm Komunote ayisyen an sou plizyè sujè ki konsene li, tankou amandman konstitisyon an ak règleman kesyon doub nasyonalite a. Senatè Joseph Lambert te pale ak jounalis Serge Rodriguez.

Nou ka koute tout tèm sa yo lè nou fè yon klik sou ralonj ki sou tèt atik la.

XS
SM
MD
LG