Football
Federasyon football ameriken an non-men Swedwa Pia Sundhage kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal feminen ameriken an. Madan Sundhage ap ranplase Greg Ryan nan tèt seleksyon an ki te elimine nan semi final fas a Brezil pandan koup du mond football feminen ki sot dewoule an Chin. Seleksyon football maskulen ameriken an gen pou jwe yon match chofe jarèt ak Meksik nan Houston Tekzas 6 Fevriye 2008. Pri tikè yo varye ant 35 a 165 dola. Si w vle chita akote teren an tikè a ap koute 275 dola.
Lig football balonwon ameriken an chwazi vil Seattle pou akeyi 15 zièm ekip nan lig la kap kòmanse pandan sezon 2009 la.
Footballè Brezilyen Kaka menase pou l sispann jwe football an Itali si vyolans kontinye ap fanatik yo.
Basketball
Boston Celtics wouze Indiana Pacers 101 a 86 pou l rete envenku apre 6 rankont gras ak 31 pwen Paul Pierce make. Phoenix Suns te fè anpil efò avan li kale New York Knicks 113 a 102. Orlando, San Antonio, Memphis, Charlotte ak Portland tout ranpòte la viktwa.
Tennis
Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kale Rus Nikolay Davidenko 6-4, 6-3 nan tounwa tenis dè mèt kap dewoule nan Shangai an Chin. Se dènye tounwa tenis pou ane a. Defèt la vle di Davidenko pap kalifye pou semi final la.
Volleyball
Chanpyon EropeyenVolebòl Itali ranpòte 9 vièm viktwa l apre yo tronse Brezil 3 a 0 nan chanpyona du mond Volleybòl kap dewoule o Japon. Sèbi kale Etazuni 3 a 1 pou konsève chans pou yo kalifye pou je zolenpik yo anvi. Nan lòt rankont Taiwan remonte yon defisi pou l kale Kenya 3 a 2. La Polòy wouze Republik Dominikèn 3 a 0 epi Kore du Sud toupizi Perou 3 a 0.