Accessibility links

Breaking News

Vyolans Make Football Italyen an


Football

Responsab polisye ak otorite football Italyen òganize rankont dujans yon jou apre yon polisye touye pa erè yon fanatik Lazio de wòm pandan yon ensidan nan yon otowout. An reyaksyon ak ensidan an plizyè santè n fanatik ki te gen mask nan figi yo atake plizyè komisarya ansanm ak katye jeneral Komite Olenpik Italyen an. Te gen vyolans tou nan lòt vil Italyen kote machann dezagreman yo boule yon otobus ak lòt machin. 40 polisye te resevwa swen nan lopital. 3 rankont football anule akoz vyolans yo. Ajans nouvèl Associated Press rapòte otorite Italyen yo mete nan prizon 4 moun ke yo akuze kòm machann dezagreman. Federasyon football Italyen kapab sispann aktivite lig football peyi a pandan plizyè semen akoz vyolans yo.

Nan chanpyona foutbòl premye divizyon Espayòl-la . nan okazyon 13e jounen-an : Real Madrid, kale Real majork 4-3 avèk yon double de Robinyon . Viktwa ki kenbe Real nan tèt konpetisyon-an. Liga-a genyen yon nouvo 2e apre dabò defèt Barselòn 2-0 devan Getafwe ak ansuit viktwa Vilareal 3-2 kont FC Seviy. Valans ki kale Murcie 3-0 pataje 3e plas-la ak FC Barselòn.

Nan Bundechliga-a ann Almay : nan okazyon 12e jounen-an , Bayern de Munik lidè konpetisyon-an , tonbe fò . Li pèdu 3-1 devan Stoutgart . Konye-a Bayern gen yon sèl pwen sou Hambourg ki fè match nul 1-1 ak Shalke 04, yon pwen tou sou Werder de Brem ki san pitye van-nen Karlsruhe 4-0.

An Angletèr : 13e jounen : Manchester United avèk yon double de Chistiano Ronaldo pran tèt konpetisyon-an apre viktwa-l sou Blackburn 2-0 an atandan rezulta match ant Arsenal ak Reading jodi-a . Tchelsi fè match nul ak Everton 1-1 pandan ke Liverpool kale Fulham 2-0 . Ki donk , nan klasman-an : Apre Manchester ak Arsenal, nou jwenn Manchester City ki fè match nul ak Portsmouth. E an 4e pozisyon , nou jwenn Tchelsi devan Liverpool.

Òganizatè koup du mond football Afrik du Sud yo rekonèt delè pou konplete konstruksyon 2 stad sou yon total 5 trè sere. Responsab yo site kòm ekzanp stad kote koup Konferasyon an pral dewoule yon lane avan konpetisyon an kapab kapab retade. Brezil kale Meksik 8 a 2 pou l ranpòte pou yon 2 zièm fwa afile koup du mond football de plaj ki tap dewoule o Brezil. 10 mil fanatik te asiste viktwa seleksyon brezilyen an.

FIFA leve de fason kondisyonèl sanksyon ki tap peze sou do Federasyon football Koweit la akoz entèferans gouvènman an. FIFA anonse yo pran desizyon an apre otorite Koweit yo aksepte pou ratifye nouvo statu FIFA yo disi 26 Novanm epi pran angajman pou òganize eleksyon yon nouvo komite nan tèt federasyon football peyi a.

Dimanch kap vini la a isit Washington Houton Dinamo ap rankontre New England Revolution nan final koup MLS pou sezon 2006-2007 la. Venkè final la ansanm ak DC United ap reprezante lig football ameriken nan koup Konkakaf dè klub chanpyon an vis chanpyon.

Football Ameriken Nan football zèpòl kare finalman Saint Louis Rams ranpòte premye viktwa l depi sezon an kòmanse-Rams yo kale New Orleans Saints. Washington Redskins pèdu 33 a 25 malgre yo te domine premye mitan an. Aswè a Seattle Seahawks ap akeyi San Francisco 49ers.

Chine/ Dopaj

La chin louvri yon ajans anti dopaj ak yon laboratwa dènye modèl an preparasyon je zolenpik Peken 2008 yo. Dapre otorite yo ajans la kapab reyalize anviwon 4 mil 500 tès dròg pandan konpetisyon an. Ajans la pral ede koòdone kanpay kont faktori ilegal kap pwodwi steroyid ak lòt dròg ilegal. Komite Olenpik entènasyonal la gen pou l enspekte ajans la nan fen ane a.

Chin/ Olenpik

Yon responsab medya an chin anonse otorite yo ap kreye yon bank de done kote yo pral mete enfòmasyon yo rekeyi pami plizyè milye jounalis yap entèviouwe e ki pral kouvri je zolenpik yo ane pwochèn. Objektif la se pou detekte fo jounalis ak jounal ilegal. Otorite yo fè konnen yo deja idantifye 150 jounalis ak 300 jounal ilegal.

Cyclisme

Yon komisyon endepandan Olandè konklu siklis Danwa Michael Rasmussen pat dwe patisipe nan kous bisiklèt Tour de Frans ane sa a. Nan yon rapo`48 paj komisyon an publiye jodi a li kritike ekip Rabobank la akoz li pèmèt Rasmussen patisipe nan konpetisyon an malgre te gen endikasyon ki montre li rate entansyonèlman yon seri de tès depistaj. Rapò a kritike Unyon Siklis Entènasyonal la ki pa fè ase pou l ranfòse politik anti dopaj la.

Volleyball

Etazuni kale Kore du Sud 3 a 0 pou l rete envenku nan kad chanpyon du mond volebòl feminen kap dewoule o Japon.

Tennis

Chilyen Fernando Gonzalez kapote numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer nan tounwa tenis dè mèt kap dewoule nan Shangai an Chin. Gonzalez remonte yon defisi yon manch pou l kale Federer nan group wouj la 4-6, 7-6, 7-5. Defèt la vle di Federer dwe kale ameriken Andy Roddick ak Rus Nikolay Davydenko si l vle kalifye pou semi final tounwa a. Bonè maten an Roddick kale Davidenko an 3 manch 6-3, 4-6, 6-2.

Bèlj Justin Henin remonte yon defisi pou l kale Rus Maria Sharapova e ranpòte tounwa tenis Sony Ericson nan ki tap dewoule nan vil Madrid an Espay.

Basketball

Washington Wizards ranpòte premye viktwa l nan NBA a gras ak yon swif li pase Atlanta Hawks 101 a 90 pou l mete l ak 1 viktwa 5 defèt. Nan lòt rankont ki jwe yè Dimanch la Miami Heat kankan-nen New York Knicks 75 a 72. Philadelphia 76ers tonbe devan New Orleans Hornets 93 a 72. Chinwa Yao Ming make 34 pwen nan viktwa tou mens 85 a 82 Houston Rockets ranpòte devan Charlotte Bobcats. Cleveland Cavaliers tronse Los Anjeles Clippers 103 a 95 san bliye Detroit Pistons te fè anpil efò avan li kale Seattle Supersonics 107 a 103.

XS
SM
MD
LG