Accessibility links

Breaking News

Nouvo Menas Inondasyon Pou Peyi Dayiti


Ayiti poko finn drese bilan dega ak viktim tanpèt Noël fè lakay li...men yon nouvo menas inondasyon ap plannen depi jedi 8 novanm nan sou peyi a. Korespondan nou yo fè n' konnen gwo lapli ap tonbe depi dènye 24 trè yo sou preske tout depatman ayisyen yo--yon situasyon ki pouse responsab Sant Metowoloji Nasyonal la lanse yon avi inondasyon, lavalas labou ak eboulman pou zòn ak rejyon pi "frajil" alantou kapital ayisyen an ak lòt sant metwopoliten yo. Ronald Semelfrot, Direktè Sant Meteowoloji a, di Lavwad'amerik avi sa a valab pou tout depatman yo.

Ale sou ralonj ki sou tèt atik sa a pou n' koute eksplikasyon msye Semelfort yo.

Antretan, jounalis Clarens Renois bay yon brèf apèsi sou lapli ki rekoumanse tonbe sou rejyon metwopoliten Pòtoprens lan...epi li fè yon rale sou sa ki te sanble yon tantativ "evazyon" nan penitansyen nasyonal Pòtoprens lan, kote kèk prizonye te pete yon kabal pou yo eseye sove. La di'n sikonstans ensidan sa a ke otorite finalman te mete sou kontwòl.

Yon lòt kote Unyon Ewòp la deside kontinye ede systèm edikasyon ayisyen an. Yon reprezantan Unyon an pwomèt siyati yon nouvo akò nan jou kap vini yo pou kore pi plis ministè edikasyon an.

Pou detay sou 2 dènye pwen sa yo fè yon klik sou dezyèm ak twazyèm ralonj lan.

XS
SM
MD
LG