Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Noël Vide Anpil Lapli Sou Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn


Omwens 20 kretyen-vivan pèdi lavi yo e plizyè dizèn lòt ta disparèt, dapre premye nouvèl sou move tan Noël kap lage depi dimanch gwo lapli sou Ayiti ak Repiblik Dominikèn---2 peyi ki pataje zile Hispaniola. Otorite nan repiblik Dominikèn fè konnen depresyon twopikal la koze anpil inondasyon, koupe plizyè lokalite, fòse yo evakue plizyè milye moun nan katye alantou kapital la, Santo-Domingo. Lekòl ak komès fèmen e tout vòl avyon entènasyonal sispann. Kominikasyon koupe ant kapital ak lòt ti lokalite alantou yo. Dapre otorite peyi panyòl bilan viktim yo kapab ogmante.

Sant Nasyonal Ouragan Lèzetazunin an ki baze nan Miami di Sant Noël, ki antre nan faz depresyon twopikal yè dimanch lan, supoze lage omwens 50 santimèt lapli sou Ayiti ak Repiblik Dominikèn. Nan peyi Dayiti, juska 02.00 GMT madi 30 oktòb la responsab yo potko anonse viktim.

Pou plis presizyon koute sou ralonj ki anlè atik sa a deklarasyon Direktè Sant Nasyonal Meteowoloji Ayiti a, Ronald Semelfort nan mikwo kolaboratè nou, Jean Pierre Leroy.

Apre Clarens Renois, li menm, ap di'n ki dispozisyon otorite ayisyen yo pran pou pare danje a. Li va ba nou yon lide tou sou zak ensekirite, liberasyon ak kidnaping ki fèt nan peyi a.

Fè "klik" sou ralonj lan pou detay.

XS
SM
MD
LG