Football
DC United rive nan Chikago kote li pral rankontre ak Chikago Fire nan kad match ale semi final faz final MLS la.
Prezidan FIFA a Sepp Blatter manifeste entansyonn pou l suspann rotasyon koup du mond football sou chak kontinan e louvri wout la pou peyi manb nan kèlke swa kontinan soumèt kandidatu l a pati de 2018. Msye Blatter ki tap pale yè Mèkredi a fè konnen li pral mande komite ekzekutif la pou l adopte pwopozisyon an disi semen pwochèn nan. Si pwopozisyon an adopte Amerik du Sud pral dènye kote koup du mond la ap dewoule a dapre sistèm rotasyon an. Koup du mond 2010 ap dewoule sou kontinan Afriken an. Msye Blatter site la Chin, Ostrali, Angletè kòm peyi ki deja manifeste entansyon yo pou akeyi konpetisyon an. San bliye Meksik, Kanada, Etazuni-posibilite pou gen yon kandidatu an tandèm tankou jan sa te fèt sou kontinan Azyatik la ant Kore du Sud ak Japon.
Unyon Football Eropeyen an akuze Eric Addo kap jwe nan P SV Eindhoven pou movèz kondwit spòtif akoz li te krache sou yon footbalè Madi pase nan okazyon yon rankont Lig dè chanpyon Eropeyen an. Foobalè dorijin Ganeyen ap fè fas ak suspansyon yon match pou pipiti si otorite yo jwenn li koupab. Addo rekonèt li krache sou Semih Senturk kap jwe nan Fenerbah apre li te ba l yon kout koud. 2 ekip yo fè match nul 0 a 0.
Balon te woule yè Mèkredi a nan Lig dè Chanpyon Eropeyen nan moman Liverpool ap fè fas ak difikilte apre defèt yo subi 2 a 1 devan klub Turk Besiktas. Nan group D a Milan AC benyen ak gòl klub Ukrenyen Shakhtar Donesk 4 a 1. Real Madrid dodomeya sou klub Grèk Olenpyakos nan group C a 4 a 2. Rosenborg de la Norvèj suprann klub Espayòl Valencia 2 a 0. Chelsea pran tèt group B a apre viktwa 2 a 0 li pase Shalke 04. Werder de Brem woule Lazio de Wòm 2 a 1 nan group C a. Benfika de Lisbòn ranpòte uyon viktwa tou mens devan Celtic Glasgow 1 a 0. Marseille fè match nul 1 a 1 ak FC Porto. Footbalè Brezilyen Robinho prezante ekskuz li pou tèt li retounen nan byen ta nan ekip FC Barselòn nan apre li finn jwe 2 match entènsyonal pou Brezil. Robinho pat figure nan fòmasyon klub Barselòn nan ki pèdu 2 a 1 devan Espayòl Samdi. Msye te kontribye nan viktwa 4 a 2 Barselonè yo ranpòte yè devan klub Grèk Olympiakos
Arjantin retounen nan tèt klasman mondyal la nan dènye rapò FIFA publiye sou aktivite football mondyal. Arjanten yo pran jarèt apre 2 viktwa yo ranpòte devan Venezuela ak Chili nan match kalifikatif koup du mond FIFA/Afrik du Sud 2010 la. Itali desann 2 plas pou l klase 3 zièm dèyè Brezil. Brezilyen yo ranfòse pozisyon yo gras ak yon nul yo fè ak Kolonbi ak viktwa yo ranpòte devan Ekwatè. La Frans, Almay, la Oland, Portugal, Republik Tchèk ak Kwasi konplete lis 10 meyè ekip mondyal yo. Etazuni klase 18 tièm dèyè Meksik ki an 15 zièm pozisyon epi Ayiti klase 68 tièm.
Cyclisme
Òganizatè kous bisiklèt Tour de Frans la anonse parkour konpetisyon an pou ane pwochèn nan moman responsab yo ap chache refè imaj yo apre 2 zan eskandal dopaj. Konpetisyon an kap kòmanse 27 Juyè ap kouvri yon distans 3 mil 540 kilomèt pandan 21 etap. Kontrèman ak ane pase yo premye etap la ap kouvri yon distans 194 kilomèt olye de yon kous endividuèl. Esè endividuèl la ap fèt pandan 4 trièm ak 20 tièm etap la.
Olympics
Komite Olenpik Entènsyonal la fè konnenpolution ki gen nan lèr la nan Peken kapab fòse ranvwa kèk konpetisyon an plen èr nan okazyon je zolenpik yo kap dewoule nan vil la ane pwochèn. Yon rapò Nasyonzuni publiye jodi a kritike pwogrè ki fèt pwogrè vil la fè nan pwòte lèr la swa 10 mwa avan dewoulman Je zolempik yo kap kòmanse an Out 2008. Prezidan komite olenpik entènasyonal la Jacques Rogge di kèk konpetisyon andurans tankou maraton ak siklis kapab ranvwaye pou pwoteje sante atlèt yo. Responsab yo pa di si polusyon an kapab afekte dewoulman je yo.
Tennis
Chilyen Fernando Gonzalez kalifye pou kar de final tounwa tenis an sal Swis la apre viktwa an 2 manch 6-4, 7-6 li ranpòte devan Kwat Roko Karanusic nan tounwa a kap dewoule nan Bal. Gonzalez pral rankontre Finlandè Jarkko Nieminen ki remonte yon defisi pou l kale Ajanten Gullermo Canas 4-6, 6-3, 7-5. Ameriken James Blake fè bèk a tè devan Kwat Ivo Karlovic 4-6, 7-6, 6-4. Defèt la kapab afekte Blake ki te espere fini sezon an nan tounwa tenis dè Mèt Shangai la. Ameriken an bezwen kale 2 jwè tenis nan pwochen seri dè mèt yo pou l kapab jwen youn pami plas tounwa a. Venkè tounwa a ap foure nan pòch li 1 milyon 200 mil dola.
Slovak Daniela Hantuchova kale Arjanten Gisela Dulko 6-3, 6-1 pou l kalifye pou kar de final tounwa tenis Generali Ladies kap dewoule nan Linz an Otrich. Antuchova pral rankontre Alona Bondarenko demen Vandredi a pou yon plas nan semi final la Ukrenyen Julia Vakulenko kalifye pou kar de final la tou apre li pase Japonè Ai Sugiyama 2 kout rakèt 6-0, 6-2