Accessibility links

Breaking News

Palman Ayisyen an Mande Eksplikasyon Egzekitif la Apre Inondasyon Semèn Pase a


Pwen ki nan tèt aktyalite a nan peyi d Ayiti se konsekans gwo inondasyon ki frape divès zòn, soti nan Sid pou rive nan Latibonit, anpasan pa Depatman Lwès la. Jiskaprezan, responsab yo di gen 37 moun ki pèdi lavi yo, e gen anpil dega materyèl.

Pandan move tan sa a vin relanse deba sou pwoblèm anviwonnman an ann Ayiti, li pwovoke reyaksyon nan sektè politik la tou, kote, pa egzanp, Prezidan Chanm Bas Palman an, Depite Eric Jean-Jacques, deklare fòk Minis Enteryè a, Paul-Antoine Bien-Aimé, ta konparèt devan Lachanm pou l'bay eksplikasyon sou asistans ki rive jwenn popilasyon sinistre yo.

Nan segman Enfòmasyon-an-Gwo-Plan, nou konsidere, ak korespondan nou Rotchild François, Jr., reyaksyon k'ap tonbe pami dirijan politik yo apre dega gwo lapli sa yo fè sou teritwa ayisyen an.

Pou w ka koute fichye a, fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a.

XS
SM
MD
LG