Accessibility links

Breaking News

Ayiti ap Akeyi Dezièm Tou Eliminatwa Je Zolenpik yo


Football

Ayiti ap pare pou akeyi Bahamas ak Jamayik nan kad 2 zièm tou eliminatwa football pou je zolenpik Peken 2008 yo semen pwochèn nan. Ayiti ap rankontre Bahamas le 9 Oktòb avan li tope kòn li ak Jamayik le 13 Oktòb. Le 11 Jamayik pral mezure l ak Bahamas.

Chanpyon du mond an tit football feminen an Almay retounen nan tèt klasman Jeneral FIFA apre viktwa yo ranpòte devan Brezil. Etazuni klase 2 zièm, brezil klase 3 zièm devan la Swèd ak la Nòvèj. Kore du Nò, la Frans, Danmak ak Kanada ak Angletè konplete lis 10 premye ekip football feminen mondyal.

Prezidan Unyon Football Eropeyen an Michel Platini eksprime konfyans pou l reyusi fè refòm nan Lig dè chanpyon Eropeyen an malgre kèk gwo klub kouche an kwa kont inisyativ la. Komite ekzekutif UEFA a gen pou vote sou pwopozisyon an Platini a ki vize diminye patisipasyon klub elit football Eropeyen an an retou pou fè plas bay chanpyon nasyonal lig footbal malere yo.

Raymond Domenech, seleksyonè fransè-a publiye yè jedi-a lis 23 jwè ke li retnu-yo e non Trezeguet pa ladan. Presipal butè Jouventous de Turin fache e li ajoute ke Domench te di lap cwazi jwè-yo an fonksyon de pèfòmans-yo nan klub e li make 7 gòl an 6 match...,Trezeguet kap panse a la retrèt, kritike desizyon antrenè a.

Yon kou dèy sou prensipal chòk ki pral genyen nan presiépal chanpyona ewopeyen-an . Dabò nan Liga-a ann Espay , demen samdi pou kòmanse 7e jounen-an , Barsa (4e nan klasmna-an ) ap rankontre ak Atletiko Madrid ki an 5e; epi Espayòl Barselòn(6e) ap akeyi Valans ki an 3e.

3 gwo afich nan Calcio ann Itali nann okazyon 7e jounen-an : Inter de Milan , lidè-a, ap resevwa nan San Siro Napoli. E nan dimanch, rankont ant Jouventous dev Turin e Fiorentina respektivman 2e e 3e.

Annn Angletèr 9e jounen : Manchester United ap resevwa Wigan pandan ke Sunderland preal lakay lidè-a Arsenal.

Epi nan Bundechliga-a ann Almay, tout rega-yo brake sou chòk 9e jounen sa-a kap mete fas-pou-fas Schalke 04 , envenku e 2e nan klasman-an ak Karls-ruhe ki an 3e pozisyon.

Foutbolè pwofesyonèl-yo elu Brezilyen Kaka ki te ranpòte Lig Chanpyon 2007-la avèk Milan Ac kòm “joueur de l’année”. sou 60 mil pwofesyonèl gen 25 mil ki vote an favè Kaka. Men onz ideal-la : Buffon - Nesta, Cannavaro, Terry, Puyol - Cristiano Ronaldo, Kaka, Gerrard - Messi, Drogba, Ronaldinho.

Milan AC deside pa pote plent apre ensidan semèn dènyè-a nan okazyon yon match Lig Chanpyon ki te mete an fas Milan Ac ak klub ekosè Celtic, rankont ke milanè-yo pèdu 1-2. Apre 2e gòl Milana-n yon fanatik ekosè te monte sou teren e frape Dida , gadyen Milan. Fanatik la, ki gen 27 tan, te idantifye l bay klub la, resevwa yon entèdiksyon avi pou atak la.

Bouyon boul ewopeyen-an kontinue avèk premye tou retou Koup UEFA-a : Atletiko Madrid kalifye pou faz pou-l apre yon gwo viktwa 5-0 sou klub turk Kayseri . Kalifikasyon tou pou Hambourg ki elimine Litex ak yon viktwa 3-1;

Bayern de Munik kale Belenenses 2-0 pou-l kontinue rès konpetisyon-an. .Lèot rezulta rapidman : Rapid Bukarès ak Nurember fè matvh nul 2-2 ; FC Zurik van-nen Empoli 3-0 ; FC Bal van-nen Sarajevo 6-0 . Dinamo Zagreb kale Ajax Amsterdam 3-2; Galatassaray van-nen Sion 5-1

Tennis

Chanpyon Wimbledon nan ameriken Venus Williams ap rankontre an final ak franse Virginie Razzano nan tounwa tenis Open Japon an kap dewoule nan vil Tokyo. Williams elimine nan semi final la danwa Caroline Wozniacki an 2 manch 6-3, 7-5. Razzano rive nan final apre li kale anba redu Italyen Flavia Pennetta 4-6, 7-5, 6-3.

Nan tounwa tenis Stoutgat-la ann Almay, rus Elena Dementieva kalifye pou kar de final sou Daniella Hantouchova an 2 sèt : 6-4, 6-4. Dementieva ap rankontre nan kar de final bèlj Justine Henin (1) ki elimine san pwoblèm Dinara Safina an 2 sèt :6-4, 6-1. Sèb Jelena Jankovitch te bezwen 3 sèt : 4-6, 6-1, 6-3 pou-l te elimine izraelyèn Shahar Peer. Jankovitch ap rankontre nan pwochen tou-a ak rus Nadia Petrova ki elimine olandè Michaella Krajicek an 2 sèt 6-1, 6-3.

Epi nap siyale eliminasyon Ana Ivanovitch, etwa montant du tenis mondyal. Li tonbe devan ukrenyèn Katerina Bonda-renko kap gen pou rankontre ak fransèz Tatian Golovin nan kar de final .

XS
SM
MD
LG