Accessibility links

Breaking News

Almay Konsève Tit Koup du Mond Football Feminen an


Football

Almay ap selebre viktwa seleksyon an ranpòte nan koup du mond football feminen an ki sot dewoule an Chin gras ak yon swif 2 a 0 yo pase Brezil. Ak viktwa a Almay tounen premye seleksyon feminen ki ranpòte trofe a 2 fwa youn dèyè lòt. An plis de sa Alman yo fini san yo pa ankese oken gòl.

Etazuni kale Nòvèj 4 a 1 pou l konsole l ak 3 zièm plas la. Antrenè seleksyon ameriken Greg Ryan espere federasyon football ameriken an ap renouvle kontra l apre defèt 4 a 0 ameriken yo subi fas a Brezil nan semi final la.

Menas move tan ak lòt skandal pa anpeche suksè koup du mond football chinwa a. Patisipasyon publik la menm pouse responsab yo panse posibilite pou yo ta akeyi koup du mond la an 2018-yon koup du mond Etazuni ap anvizaje si FIFA pa chanje sistèm rotatsyon an. Otorite chinwa yo fè konnen yo an pourpale ak FIFA sou aspè teknik pou ta òganize koup du mond 2018 la.

Paralèlman ak koup du mond football feminen an seleksyon football gason makomè ki te soti nan 20 peyi ( Eròp, Amerik yo ak Ostrali) te patisipe nan 10 zièm edisyon koup du mond gason makomè an Arjantin. Seleksyon Arjanten an ki rele Los Dogos ranpòte tit la apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan chanpyon an tit la seleksyon Britanik la Stonewall. Pwochèn edisyon an ap dewoule nan vil Lond an 2008.

An Itali Milan AC fè match nul ak Katania 1 a 1 gras ak yon penalite Brezilyen Kaka make nan 2 zièm mitan an. Inter de Milan nan tèt klasman jeneral la apre yo danse sou AS Wòm 4 a 1. La polis an Itali arete 15 machan dezagreman apre lese frape ant fanatik Juventus de Turen ak Torino avan 2 klub yo te rankontre nan seri A a. Yon match Juventus de Turen ranpòte 1 a 0.

An Espay Real Madrid pran tèt klasman ak 16 pwen pou 6 match apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Getafe. Baselòn klase 4 trièm apre yo pilon-nen Levante 4 a 1 gras ak 3 gòl franse Thierry Henry make. Antrenè FC Barselòn nan Frank Rijkaard konvoke Ronaldinho nan lis 19 jwè nan rankont football kap mete fas a fas klub la kont klub Alman Stuggart nan Lig dè chanpyon Eropeyen an. Ronaldinho, ki sanble kapab kite FC Barselòn, rate 3 match klub la. Ronaldinho fè konnen li pa plan kite klub la pou l jwe lòt kote.

An Angletè Arsenal kale West Ham 1 a 0 epi Manchester United ranpòte yon viktwa tou mens devan Birmigham citi 1 a 0 apre Chelsea fè match nul 0 a 0 ak Fulham. Arsenal nan tèt klasman jeneral la ak 19 pwen pou 7 rankont.

An Frans Olynpik de Lyon, kap chache ranpòte yon 7 tit afile, wouze Racing de Lens 3 a 0 pou l pataje premye plas la ak Nancy ak 19 pwen yo chak. Lyon ap akeyi demen Madi a klub Ekosè Glasgow Rangers nan Lig dè chanpyon Eropeyen an.

An Almay Bayern de Munik pran tèt klasman jeneral la ak 4 pwen gras ak yon viktwa tou mens 1 a 0 yo ranpòte devan Bayer Leverkusen. Viktwa ki mete klub Munik la ak 20 pwen pou 8 match.

Nan la Oland Ajax Amsterdam ak Feyernoord ranpòte la viktwa pandan weekend nan. Apre 6 rankont Ajax nan tèt klasman ak 16 pwen devan Feyernoord ki gen 15 pwen epi PSV Eindovhen gen 14 pwen.

Kwatè Back Brett Favre bat yon lòt rekò pou l ede Green Bay Pakers tronse Minnesota Vikings 23 a 16. Nan Dallas, Cowboys yo ranpòte 4 trièm viktwa afile nan lig football apre yo danse sou St Louis Rams 35 a 7. Baltimore Ravens tonbe devan Cleveland Browns 27 a 13. Buffalo Bills ranpòte yon viktwa tou mens 17 a 14 devan New York Jets. New York Giant kale Philadelphia Eagles 16 a 3. Miami Dolphins fè bèk a tè devan Oakland Raiders 35 a 17.

Basketball

Seleksyon Basketbal feminen ameriken an kalifye pou je zolenpik Peken 2008 yo apre yo krabinen Kuba 101 a 71 nan tounwa basketball Entènasyonal pou Amerik ak Karayib ki tap dewoule O Chili. Brezil kale Arjantin 73 a 41 pou l konsole l ak 3 zièm plas la. Kuba, Brezil ak Arjantin pral patisipe nan yon tounwa repechaj an Jwen pwochen ak kèk lòt peyi pou jwen yon plas nan Je zolenpik yo. An plis de Etazuni ak la Chin lòt peyi ki kalifye yo se Ostrali, Nouvèl Zeland, Mali ak Kore du Sud.

Tennis

Franse Virginie Razzano kale Izrayelyen Tzipora Obziler 6-0, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis Entènasyonal ki tap dewoule an Chin. Franse Richard Gasquet woule bèlj Olivier Rochus 6-3, 6-4 pou l ranpòte tounwa tenis Mumbai la an mèm tan premye tit li pou ane a. Sèb Ana Ivanovic te bezwen 3 manch 3-6, 6-4, 6-4 pou l kale Slovak Daniela Hantuchova ranpòte tounwa tenis feminen Luxembourg la.

Cyclisme

Siklis Italyen Paolo Bettini defann ak suksè chanpyona du mond siklis ki tap dewoule an Almay. Bettini, ki fini devan siklis Rus Alexandr Kolobnev ak Alman Stefan Schmacher, patisipe nan chanpyona apre yon tribunal te pwononse an favè l pou tèt li te refuze siyen yon dokuman anti dopaj. CN-74

Atletisme

Atlèt Rus Vladimir Kanaykin bat yon nouvo rekò mondyal 20 kilomèt march maskulen Federasyon Atletis Entènasyonal la ki tap dewoule an Rusi ke li kouvri a 1 hè-17 minit-16 sekond. Machè Ostralyen Luke Adams fini 2 zièm evan Rus Vladimir Stankin. Rus Olga Kaniskina fini an premyè pozisyon nan kategori meda m yo devan konpatriòt li Anisya Kornikova ak Tatyana Kortova.

Olympics

Responsab yo nan vil Peken pase lòd pou fèmen mil min chabon ilegal avan dewoulman je zolenpik yo. Otorite yo ekzije fèmtu tout min chabon kap fonsyone san otorizasyon disi 15 jou. Pwopriyetè min ki refuze kapab pase juska 10 zan prizon.

XS
SM
MD
LG