Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon Omdafè Bahameyen Satisfè yon Vizit li fè Semenn sa a ann Ayiti.


Yon delegasyon biznismann peyi Bahamas kite Pòtoprens jedi 27 septanm 2007 la aprè yon visit eksplorasyon ki te dire 2 jou. Anvan envestisè bahameyen yo kite Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti a, yo fè konnen vizit la ba yo anpil satisfaksyon e yo pati avèk yon bèl enpresyon sou efò gouvènman ayisyen aktyèl la ap deplwaye pou l atire envestisè etranje nan peyi a.

Yon lòt kote, "Black Caucus" kongrè ameriken an ap òganize rankont anyèl li nan Washington kote youn nan tèm prensipal yo se "The Third Borders", sètadi "Twazyèm Fwontyè yo" ou aksan Washington vle mete sou kowoperasyon ant Lèzetazini avèk peyi ki sou wout devlopman yo, sitou sa ki nan rejyon Karayib la ak Amerik Latin nan. Youn nan envite gwoup la se ekonimis ayisyen Harry Fouché ki pote detay sou rezon dèt yon reyinyon konsa.

Nan New York, Doktè Eugène Mathieu jwenn nominasyon n kòm kandida pou yon manda konplè nan Adminsitasyon Kominal youn nan banlye New York yo, aprè li fin ranpli rès manda yon manm. Eleksyon an fikse pou mwa novanm pwochen an. Anfen, responsab "Inite Lit Kont Koripsyon" ann Ayiti, Amos Desrosiers, reponn yon rapò International Transparency fèk pibliye kote li klase Ayiti 177 sou 180 peyi pou zafè koripsyon. Daprè Misye Desrosiers, rapò sa a pa pran an konsiderasyon efò k ap fèt depi kèk tan deja sou gouvènman Préval-Alexis a pou konbat koripsyon, dirije avèk tranparans epi tabli yon etadedwa nan peyi a.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG