Prezidan kolonbyen an, Alvaro Uribe, fè konnen l'ap byen kontan si responsab ameriken ta antre kòm medyatè nan yon dosye otaj ki fèmen depi lontan anba men rebèl Maksis yo. Sou tribin Nasyonzuni maten an, Prezidan Uribe di gouvènman n nan apiye pwopozisyon Prezidan Venezuela a, Hugo Chavez, ki mande pou manm Kongrè ameriken an antre nan negosyasyon yo, pou libere otaj yo. 3 pami otaj sa yo se sitwayen ameriken.
Pami lòt oratè ki te pran, oubyen kap pran, lapawòl jodi a nan Asanble Jeneral L’ONU an, gen prezidan Congo-Kinshasa a, Joseph Kabila; Prezidan Rwanda a, Paul Kagamé; Prezidan Guinée Equatoriale, Serbi, Kwoasi, ak Repiblik Dominikèn.
Yè mèkredi 26 septanm nan, Prezidan ayisye an, René Garcia Préval, te pami diyitè ki te pran lapawòl devan Asanble Jeneral la. Apre diskou sa a, ki te abòde pwoblèm Ayiti ap konfwonte ak reyalizasyon gouvènman an depi ane pase, korespondan nou nan New York, Zaquary Nazaire, te suiv reyaksyon kominote ayisyèn nan.
Pou w ka koute repòtaj nou sou Asanble Jeneral L'ONU an, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.