Accessibility links

Breaking News

Pwosè ki tap Fèt Kont 2 Atlèt Grèk Ranvwaye


Atletisme

Responsab tribunal nan vil Athèn an Grès anonse ranvwa pwosè ki pral fèt kont atlèt Costas Kenteris ak Katerina Thanou jusko 19 Jwen 2008. 2 atlèt yo ap fè fas ak akuzasyon kòm kwa yo te fòje yon aksidan motosiklèt kòm rezon pou te evite yon tès depistaj dròg. Yon total 12 moun (kourè yo, antrenè, doktè ak moun ki di yo te temwen aksidan an) gen pou prezante devan tribunal nan kad pwosè a. Rezon ranvwa a se akoz absans avoka defans la.

Kenyan Julius Maritim ranpòte maraton Sidney a pou yon 3 zièm ane youn dèyè lòt pandan ke Japonèz Naoko Tsuchiya ranpòte kategori meda m yo.

Football

Brett Favre, kap make 17 tièm anivèsè nan lig football zèpòl kare a, egalize rekò Dan Marino te bat ak 420 touch down e ki pèmèt Green Bay Pakers tronse San Diego Chargers 31 a 24. Nan Philadelphia Eagles yo ranpòte premye viktwa l gras ak Donovan McNabb ki ede ekip la danse sou Detroit Lions 56 a 21. Isit Washington-- Redskins yo subi premye defèt yo devan New York Giants 24 a 17. New Yorkè yo ranpòte la viktwa apre yo remonte yon defisi 14 pwen nan 2 ziém mitan an. Washington te gen yon chans pou l egalize nan fen tan reglemantè a si se pat efò liy defans Giant la. New York Jets ranpöte yon viktwa tou mens devan Miami Dolphins 31 a 28.

Football balonwon Almay kont Novèj ap rankontre Mèkredi nan premye semi final koup du mond football feminen kap dewoule an chin epi Jedi Etazuni kont Brezil nan lòt semi final la. Brezil kale Ostrali 3 a 2 pou l kalifye pou la premyè fwa nan semi final koup du mond football feminen an. Etazuni te kale deja kale Angletè 3 a 0 nan kar de final la Samdi.

Nan MLS la D-C United fè match nul 1 a 1 ak Chikago Fire yè Dimanch la pou l rete nan tèt klasman jeneral la ak 50 pwen. Los Anjeles Galaksi ranpòte yon viktwa tou mens 2 a 1 devan Dallas. Klub Football Angle Arsenal revele statu l kòm klub ki pi rich nan peyi a apre chif yo montre klub la gen yon valè 400 milyon dola pi elve ke Manchester United ki gen 339 pwen 8 milyon dola.

La polis Italyen arete plis pase 60 fanatik Lazio de Wòm nan yon operasyon sere boulon yo mennen avan rankont klub la ak Atalanta Bergamo yè Dimanch la. Polisye di yo machann dezagreman yo te posede kouto, kanif, machèt, bout baton, chen. Fanatik yo te jwen liberasyon yo atandan yo pran yon desizyon final. Nouvo antrenè Chelsea a Avram Grant mal demare nan tèt klub la apre defèt 2 a 0 yo subi devan Manchester United yè Dimanch.

Tennis

Etazuni ap akeyi la Rusi nan final koup Davis la apre viktwa 4 a 1 yo ranpòte devan la Swèd epi la Rusi kenbe almay an echèk 3 a 2. Nan Prag Swis Roger Federer pa rive ede la Swis rete nan group mondyal la malgre li ranpòte 2 viktwa devan Republik Tchèk ki ranpòte seri 5 match la 3 a 2. Nan lòt group mondyal la Sèbi domine Ostrali. la Grand Bretay suprann Kwasi epi Otrich kale Brezil. Izrayèl kle Chili. Woumani kale Japon. Kore du Sud elimine Slovaki. Perou kalifye pou group mondyal la devan Belarus.

Franse Tatiana Golovin remonte yon defisi pou l kale Slovak Katarina Srebotnik 2-6, 6-4, 6-4 pou l kapab ranpòte tounwa tenis Open Sloveni a.

An Chin Ongwa Agnes Szavay te fè anpil efò avan li kale Sèb Jelena Jankovic 6-7, 7-5, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Open Peken an.

Cyclisme

Siklis Rus Denis Menchov ranpòte Tour Espay la pandan ke Italyen Daniele Bennati ranpòte 21 nièm e final etap la.

XS
SM
MD
LG