Accessibility links

Breaking News

Lis Kar de Final Koup du Mond Football Feminen an Konplete


Football

Kanada elimine nan 2 zièm tou koup du mond football feminen an kap dewoule an Chin apre match nul 2 a 2 yo fè ak Ostrali. Ostralyen yo, ki klaifye pou la premyè nan yon kar de final football feminen, remonte yon defisi pou egalize pandan arè de je yo aloske Kanada tap men-nen 2 a 1. Nan lòt rankont Norvèj tronse Gana 7 a 2.

Nan lòt 2 rankont ki jwe maten an Brezil ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Danmak--yon gòl ke yo make pandan arè de je yo epi la Chin kale Nouvel Zeland 2 a 0 pou l pase nan kar de final la.

Nan kar de final la kap kòmanse Samdi Almay ap rankontre Kore du Nò epi Etazuni kont Angletè.

Dimanch Nòvèj kont la Chin epi Brezil kont Ostrali. Yon lòt kote travayè kap nan stad Cape Town nan an Afrik du Sud kanpe pou yon 2 zièm jounen nan moman travayè yo ap mande bon kondisyon travay. Otorite yo te anpeche plizyè douzèn travayè andedan konstruksyon an apre vyolans ki te genyen nan pwotestasyon yè Mèkredi a. Travayè yo mande pou responsab yo peye transpò ale/retou. Stad la, kap gen yon kapasite 68 mil plas ap akeyi youn pami semi final koup du mond Afrik du Sud 2010 kap dewoule sou kontinan pou la premyè fwa.

Delege kap patisipe nan chita pale sou football chipriyòt la eksprime konfyans pati konsène yo ap jwen yon solisyon. Chita pale a ki dure 2 zhèd-tan nan katye jeneral FIFA nan vil Zurik, mete fas a fas Federasyon Football Chipryòt la ak ak Federasyon Football Turk/Chipriyòt ki pa ofisyèl-yon hing-hang ki ekziste depi plis pase 50 tan. Chita pale a pa rive pwopoze solisyon konkrè nan enpas ki anpeche footballè Chipriyòt Turk ak klub yo patisipe nan konpetisyon entènasyonal depi lè federasyon an te fonde pou l pran distans li ak federasyon football chipr la.

Antrenè Steaua Bucharest la Gheroghe Hagi demisyone nan tèt klub la akoz twòp presyon lap subi kèk mwa apre li te aksepte djòb la. Hagi ansyen entènasyonal, te jwe nan Steaua, Real Madrid, Barselòn ak Galatasaray.

Responsab yo nan klub football Angle Chelsea nonmen ansyen antrenè seleksyon Izrayelyen Avraham ak asistan antrenè klub la Steve Clarke kòm nouvo dirijan klub ap depa subit antrenè Jose Mourinho. Responsab yo pa di konbyen tan nominasyon an ap dure. Mourinho te resevwa yon salè prèske 13 milyon dola chak ane e msye te make 2 zan pou kontra l fini. Msye kraze yon kite sa apre match nul 1 a 1 Chelsea fè ak klub Nòvejyen Rosenborg.

Unyon Football Eropeyen an bay antrenè seleksyon nasyonal Pòtugal la brezilyen Luis Felipe Scolari yon bwa long kenbe pou 4 match apre li te bay yon footbalè Sèb yon siyad nan tèt pandan yon rankont football. Desizyon an vle di Scolari pap kapab arebò teren an nan okazyon rankont kalifikatif koup dEròp Portugal gen pou jwe kont Armeni, Azerbaijan, Findland ak Kazakhstan. Dragutinovic, footballè a, resevwa yon suspansyon 2 match apre li te resevwa yon katon wouj pou ensidan an. 2 pati yo gen 3 jou pou yo ale an apèl ak desizyon pi gwo otorite footbal sou kontinan Eropeyen an.

Glasgow Rangers tronpe Stuttgart ak yon viktwa 2 a 1 nan group E lig dè chanpyon Eropeyen an. FC Barselòn danse sou Lyon 3 a 0. Nan group F la AS Wòm wouze Dinamo de Kiev 2 a 0 pandan ke Manchester United ranpòte yon viktwa tou mens devan Sporting de Lisbon 1 a 0.

Match ale premye tou Koup UEFA a ak rankont ant Bayern de Munich fas a klub Portugè Beleneses. Anderlech kont Rapid de Vyèn. Se kèk pami 38 match kap jwe jodi a.

Tennis

Numewo 2 tenis Rus Igor Andreev ap kòmanse defann tit koup Davis peyi a te ranpòte lè li pral kwaze rakèt fas ak Alman Tommy Haas nan semi final la kap dewoule nan vil Moskou demen Vandredi. Ekip ki ranpòte 3 viktwa nan seri 5 match la ap kalifye pou final la. An Swèd ameriken Andy Roddick ap jwe premye match Etazuni nan semi final la kont Joachim Johansson. Venkè semi final yo ap rankontre an final 30 Novanm.

Òganizatè tounwa tenis US Open nan dekri suksè tounwa a ane sa a an tè m kantite moun ki asiste rankont yo ak yon ogmantasyon 12 pou 100 swa 700 mil.

XS
SM
MD
LG