Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Anvizaje Posiblite Pou l Entèpele Premye Minis la ann Oktòb


Sena ayisyen an ap anvizaje posiblite pou Premye Minis Jacques Edouard Alexis prezante devan gran kò a 2 fwa nan mwa d'oktòb la pou l reponn kesyon sou kèk dosye enpòtan. Yon lòt kote, responsab pwogram dezameman ak reyensèsyon an mande sektè prive a remèt tout zam ilegal li ta posede anvan li twò ta.

Nouvèl ki sòti Kanada fè konnen yon manm (d'orijin ayisyèn) palman Kebèk la te mande pou pwochen asanble palmantè frankofòn Emisfè Oksidantal la dewoule ane sa a nan peyi Dayiti --yon lide ki aksepte. Anfen, nan sid peyi Dayiti, manm kèk pati politik mande palman ayisyen an fè efò pou bidjè nasyonal ane fiskal 2007-2008 la byen distribiye; tandiske nan Depatman Latibonit la, yon ansyen chèf mouvman rebelyon ki te ranvèse gouvènman Lavalas la an 2004, konparèt yè madi a devan lajistis nan Gonayiv.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG