Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Anonse Retrè yon pati nan Sòlda Ameriken ki nan Irak yo.


Nan yon mesaj Prezidan George Bush mete Jedi swa devan pèp ameriken an, li anonse desizyon administrasyon n nan pran pou l wete anviwon 6 mil sòlda nan twoup Lèzetazini genyen nan Irak yo anvan fen ane 2007 la. Epi, anvan fen jiyè 2008, 30 mil sòlda ameriken gen pou retounen nan peyi yo. Pèsonalite ki bay repons Pati Demokrat la, se Senatè Jack Reed (Rhode Island).

Prezidan Bush pran desizyon sa a aprè jeneral ameriken David Petraeus te soumèt li kèk rekòmandasyon sou sa.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj Sèvis Kreyòl VOA avèk Marie-Luce Pierre e J. Lyonel Desmarattes

XS
SM
MD
LG