Ann Ayiti, ansyen prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Jacques Bernard, rankontre ak laprès aprè li te prezante devan Sena a pou l bay pozisyon n sou òganizasyon pwochen eleksyon nan peyi a. Yon lòt kote, imigran ayisyen Jean Ernest Célestin tounen premye kòmandan nwa Polis Metwopolitèn vil Monreyal la, o Kanada. Anfen, nan sid peyi Dayiti, abitan yo lanse apèl bay gouvènman an pou mande l mete a la dispozisyon yo sa ki nesesè pou yo kapab travay.
Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.