Accessibility links

Breaking News

DC United Kalifye pou Faz Final MLS la


Football

DC United, tounen premye ekip ki kalifye pou faz final chanpyona football balonwon ameriken an apre yo kale Real Salt Lake 2 a 1 yè swa isit Washington pou l pran tèt klasman jeneral la ak 49 pwen devan New England Revolution ki gen 42 pwen nan konferans de Lès la. Brezilyen Emilio Luciano make yon gòl pou l rete nan tèt meyè butè chanpyona a ak yon total 19 gòl. Aswè a Los Anjeles Galaksi ap rankontre Chivas nan Los Anjeles.

Brezil kale Meksik 3 a 1 pou l vanje defèt 2 a 0 li te subi devan nan Kopa Amerika a ane sa a. Viktwa a dapre antrenè Dunga ki mete fen swa dizan polemik apre defèt Kopa Amerika a.

Nan Karakas, Venezuela jwè Venezuelyen ak Panameyen boukante kout pwen apre Venezuelyen egalize sou tir de penalite pandan arè de je yo. Se dènye match preparasyon Venezuelyen yo ap jwe avan yo rankontre Ekwatè nan kanpay kalifikatif koup du mond Afrik du Sud 2010 la.

Nan Sen Kitts and Navis Ayiti bezwen yon viktwa lè lap rankontre seleksyon lokal nan dènye match triyangulè eliminatwa Je Zolenpik Peken 2008 yo. Republik Dominikèn, ki fè match nul ak Ayiti 0 a 0 epi Sen Kitts Navis 1 a 1, nan tèt group la ak 2 pwen. Ayiti ak Sen Kitts and Navis gen yon pwen yo chak. Honduras kale Ekwatè 2 a 1 nan kad yon match amikal entènasyonal ki jwe yè Mèkredi a.

FIFA opte pou l pa pran oken mezu apre plent delegasyon Danmak la fè pou tèt yo dekouvri 2 chinwa ki tap filme yon seyans seleksyon an nan yon otèl.

Unyon Football Eropeyen an ak Federasyon Football Portugè a louvri yon ankèt nan sa medya yo konsidere yon atak antrene Felipe Scolari ta fè sou yon jwè Sèb apre 2 ekip yo fè match nul 1 a 1--yon nul ki pa ranje zafè Pòtugè yo ki klase 3 zièm nan group A a ak 17 pwen. Brezilyen yo di la fè anyen ki pa sa eksepte li bay Dragutinovic yon siyad nan tèt nan sa l konsidere kòm yon plezanteri--donk pa gen rezon pou yo pran oken sanksyon kont li. Supriz nan eliminatwa koup dEròp dè Nasyon an.

La Frans tonbe nan vil Pari fas ak Ekòs 1 a 0-yon viktwa ki ranje zafè Ekosè yo men jete anpil dout sou kalifikasyon franse yo. Gen espwa toujou Ekòs gen 21 pwen. La Frans klase 3 zièm ak 19 pwen epi Itali, ki kale Ukrèn, gen 20 pwen nan moman manke 3 match pou faz eliminatwa a fini. A

ngletè suprann la Rusi ak yon viktwa 3 a 0 gras a 2 gòl Michael Owens make nan stad Wembley a pou l okipe 2 zièm plas la nan group E a ak 20 pwen devan la Rusi. Viktwa ki te nesesè apre viktwa 6 a 0 Kwasi ranpòte devan Andorre pou mete ak 23 pwen. 2 premye nan chak group ap kalifye pou faz final la.

Basketball

Almay kalifye pou kar de final eliminatwa basketball pou je zolenpik yo zòn Eropeyen an gras ak 15 pwen Dirk Nowitzki make nan viktwa 67 a 58 devan Itali. Alman yo pral rankontre nan kar de final la ak chanpyon du mond an tit la Espay jodi a. Lituani suprann Sloveni 80 a 61 pou l rankontre ak Kwasi demen Vandredi a aloske Sloveni pral mate balon fas a la Grès. La Frans, ki ranpòte yon viktwa 85 a 64 devan Turki, ap rankontre la Rusi nan kar de final la jodi a.

XS
SM
MD
LG