Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush Pral Delivre Yon Mesaj Sou Irak


Konsènan estrateji Lèzetazini ap aplike nan Irak, Prezidan George W. Bush genyen pou l mete yon mesaj devan pèp ameriken an jodi jedi a, a 9 vè diswa. Obsèvatè yo atann yo aske li andòse rekòmandasyon jeneral David Petraeus ki pwopoze yon rediksyon pezape efektif militè ameriken an nan Irak; pa egzanp: 30 mil nan sòlda yo ta kapab deja kite peyi a vè mitan ane pwochèn nan.

Men lidè demokrat nan Kongrè a reponn pou di: “ 30 mil sòlda pa ase”, sitou se kantite sòlda Bush te ajoute ane pase sou anviwon 130-mil ki te la deja. Donk, pou demokrat sa yo se pa yon rediksyon toutbonvre. Konsa yo rejte rekòmandasyon jeneral Petraeus yo.

Lamezon Blanch ap klewonnen ke gen pwogrè ki fèt ann Irak e ranfò ane pase a pèmèt kòmandan sou teren an transfere plis operasyon sou liy de fwon yo bay twoup irakyèn yo. Tony Snow se pòt-pawòl Prezidan Bush. Li deklare gen chanjman siyifikatif ann Irak. E an pati se paske moun rekonèt Etazini kanpe fèm pou soutni Irakyen yo pandan l'ap travay ak yo pou bay plis sekirite. Pi lwen msye Snow rejte kritik kap reklame plis rediksyon nan efektif lame amerikèn nan ann Irak.

Yon sondaj opinyon Associated Press fè wè 58-pousan Ameriken ranfò mwa pase yo pa mete stabilite nan Irak. Yon lòt sondaj ke CBS NEWS reyalize revele gen 71-pousan Ameriken ki pa dakò ak fason Prezidan Bush ap jere gè Irak la. Mesaj aswè a ap bay lokatè Biwo Oval la yon lòt chans pou li chache rejwenn sipò pèp ameriken an pou misyon Irak la.

Pou w ka koute tout repòtaj la, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG