Accessibility links

Breaking News

11 Septanm 2001-11 Septanm 2007: Etazini ap Make Anivèsè Atak Teroris Ki Chanje Vizaj Nasyon an


Sizan apre atak teroris 11 septanm yo ozetazini, kèk zotobre nan gouvènman Bush la konparèt devan Kongrè a pou yo te fè yon evalyasyon sou sekirite peyi a.

Minis Sekirite Teritoryal la, Michael Chertoff; Direktè Nasyonal sèvis espyonaj yo, Michael McConnell; epi Direktè FBI la, Robert Mueller deklare gen gwo jèfò ki fèt deja e k'ap kontinye fèt pou idantifye e dejwe konplo k'ap mare sou do peyi a.

Sepandan, yo tout rekonèt toujou gen gwo danje ki poze akòz gwoup islamis radikal ki vize atake Etazini oubyen enterè ameriken aletranje.

Chérubin Dorcil prepare yon repòtaj sou depozisyon responsab sa yo. Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute li.

XS
SM
MD
LG