Accessibility links

Breaking News

Premye Minis J. E. Alexis Vizite Bato-Lopital Ameriken USS Comfort ki nan Pò Pòtoprens la depi Wikenn Pase a


Premye Minis aysiyen an, Jacques Edouard Alexis, fè yon vizit sou bato-lopital ameriken USS Comfort, kote li fè konpliman pou pèsonèl medikal la pou bon travay yo fè pou piblik ayisyen an. Misye Alexis swete doktè, enfimyè ak lòt manm ekip medikal la va retounen nan yon avni ki pa twò lwen pou yo kontinye travay s a a.

Yon lòt kote, nouvo chèf sivil Misyon Nasyon Zini pou Estabilize Ayiti a (MINUSTAH) redefini objektif misyon an pou ane kap vini la a. Eddy Anabi anonse misyon an pral mete yon aksan espesyal sou pwofesyonalizasyon Polis Nasyonal la ak ranfòsman sekirite a travè peyi a. Anfen, Komisè Gouvènman vil Okay la, Mèt Gérald Exantus, lanse apèl bay Polis Nasyonal la ak ajan anti-dwòg ameriken ki nan peyi a, pou yo ede otorite lajistis vil la nan ankèt y ap mennen sou kèk moun yo sispèk ki ta mele nan yon operasyon dwòg.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG