Accessibility links

Breaking News

Prezidan Sena Ayisyen an Deklare Gran-Kò a Pral Entèpele Premye-Minis la Kanmenm


Men kèk nan prensipal pwen k'ap fè aktyalite jodi jedi 6 septanm nan nan peyi d Ayiti:

Prezidan Sena ayisyen an fè konnen Gran Kò a poko fikse yon dat pou entèpelasyon chèf gouvènman an, Premye-Minis Jacques Edouard Alexis, men sa gen pou fèt kanmenm kanmenm. Korespondan nou Rotchild François Jr. ap suiv dosye sa a nan Pòtoprens.

Lapolis an Ayiti denonse le fèt ke Lèzetazini ap depòte ann Ayiti yon seri de kriminèl ki gen orijin ayisyen, alòske pa gen preparasyon ki fèt pou akeyi yo nan peyi karayibeyen an. Korespondan nou Renan Toussaint gen detay.

Otorite yo arete nan zòn pwent Sid Ayiti 12 moun ki sanble ta mele nan trafik dròg. Yon delegasyon DEA (Ajans Anti-Dwòg Etazini) ak BLTS (Biwo Ayisyen Kont Trafik Nakotik) ta dwe ale nan zòn nan jodi a, dapre sa korespondan nou sou plas aprann. Jean-Hernst Eliscar ap suiv devlòpman nouvèl sa a depi vil Okay.

Pou w ka koute repòtaj sa yo an detay, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG