Accessibility links

Breaking News

Jamayik: PNP Pèdi Pouvwa a


Premye fi ki janm rive Premye-Minis nan La Jamayik anonse pati li a, Pati Nasyonal Popilè a, aksepte rezilta eleksyon jeneral lendi a, kidonk li rekonèt viktwa opozisyon an. Portia Simpson-Miller fè kòmantè sa a nan yon deklarasyon ki parèt yè swa byen ta sou sit Entènèt PNP a.

Komisyon Elektoral jamayiken an fè konnen Pati Travayis Bruce Golding nan ranpòte 32 sou 60 syèj ki gen nan Palman an. Madam Simpson-Miller te refize aksepte defèt li paske, dapre li, te gen mank-e-melanj nan vòt la. Sepandan, obsèvatè OEA yo di se te yon eleksyon pwofesyonèl e transparan.

Ane pase, Premye Minis Percival J. Patterson te pran retrèt e li te chwazi Portia Simpson-Miller pou dirije gouvènman an. Kanta Bruce Golding li te pran tèt JLP a apre retrèt Edward Seaga, sa gen dezan.

XS
SM
MD
LG