Accessibility links

Breaking News

Semi Final Koup du Mond Kadè pou Mèkredi


Football

Demen Mèkredi Espay kont Gana nan semi final koup du mond FIFA kategori kadè kap dewoule nan Kore du Sud. Nijerya youn pami favori konpetisyon an ap rankontre Almay nan lòt semi final la.

Basketball

Almay ranpòte yon viktwa 83 a 78 an pwolongasyon nan ouvètu tounwa kalifikatif basketball zòn Eropeyen pou je zolenpik Peken 2008 yo kap dewoule an Espay. Nan lòt rankont Tony Parker make 16 pwen nan viktwa 74 a 66. La Rusi tronse Sèbi 73 a 65. Letoni suprann Kwasi 85 a 77. Chanpyon sòtan Eropeyen la Grès toupizi Izrayèl 76 a 66. Chanpyon du mond an tit la Espay danse sou Portugal 82 a 56. Lituani pilon-nen Turki 85 as 69. Sloveni ranpòte yon viktwa de justès devan Itali 69 a 68. 3 premye nan chak group ap kalifye pou 2 zièm tou a. Kar de final la kap kòmanse 13 Septanb.

Tennis

Swis Roger Federer kalifye pou kar de final tounwa tenis US Open nan gras ak yon swif li pase espayòl Feliciano Lopez 3-6, 6-4, 6-1, 6-4. Ameriken Andy Roddick rive nan kar de final la apre tchèk Tomas Berdych abandone rankont la nan 2 zièm manch la. Bò kote meda m yo Rus Svetlana Kuznetsova woule ak kout rakèt Belarus Victoria Azarenka 6-2, 6-3. Kuznetsova pral rankontre nan kar de final la ak Hongwa Agnes Szavay ki elimine Ukrenyèn Julia Vakulenko 6-4, 7-6.. Sahar Peer tounen premye Izrayelyen ki kalifye nan kar de final US Open nan apre li elimine ak 2 kout rakèt Polonè Agnieszka Radwanska 6-4, 6-1. Peer ap rankontre Rus Anna Chakvetadze.

XS
SM
MD
LG