Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Peyi-Manm MINUSTAH yo Reyini nan Peyi Dayiti


Anbasadè chilyen an nan Pòtoprens, Marcel Young, bay Lavwadlamerik detay sou yon rankont 2 jou minis defans peyi ki fè pati Misyon l'ONU pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) tanmen, madi 4 septanm nan, nan kapital Ayiti a kote y ap pale de reyalizasyon misyon an epi chache re-oryante objektif li yo. Pandan prezans minis yo ann Ayiti, yo genyen pou yo rankontre antwòt avèk Prezidan René Préval e Premye Minis Jacques Edouard Alexis. Peyi an kesyon yo se: Ajantin, Brezil, Chili, Ekwatè, Guatemala, Irigwe, Paragwe, Pewou ak Salvadò.

Yon lòt kote, otorite lasante ayisyen yo byen akeyi arive bato-lopital ameriken USS Comfort nan peyi Dayiti kote manm pèsonèl li ap pote swen bay moun malad yo. Pandansetan, nan Gonayiv, lapolis anonse li ranmase plis zam nan kad kanpay dezameman an; se zam polisye sezi oubyen se zam sivil pote remèt volontèman. Anfen, malgre lekòl ouvè lendi 3 septanm nan, anpil paran oblije kenbe timoun yo lakay yo paske yo pa gen mwayen ekonomik pou voye yo nan klas.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG