Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Nan Jamayik: Yon Tès Pou Portia Simpson-Miller


Elektè jamayiken yo pral nan biwo vòt lendi 3 septanm sa a pou yo eli yon nouvo gouvènman. Korespondan nou nan Kingston, Gillian Haughton, di nou Pati Nasyonal Popilè Premye Minis Portia Simpson-Miller a (PNP) ap fè fas ak yon gwo defi devan Pati Travayis Jamayiken an (JLP) ke Bruce Golding ap dirije. Dapre plizyè analis politik, rezilta michan batay elektoral sa a pral depann de to patisipasyon an.

Vòt 3 septanm 2007 la se premye tès pou Simpson-Miller, ke yo te nonmen Premye-Minis ane pase, apre predesesè l’ la, P. J. Patterson, te pran retrèt li. Prensipal advèsè li a, Msye Golding, te tounen lidè JLP a, lè ansyen Premye-Minis Edward Seaga te kite pòs la sa gen dezan. Se premye fwa depi 35 an ke yon eleksyon ap dewoule nan La Jamayik ak 2 chèf pati politik ki poko janm toke kòn yo, malgre tou le 2 se veteran sou sèn politik la ki eli nan Palman an plizyè fwa deja.

Koute Lyonel Desmarattes k'ap li repòtaj Gillian Haughton nan. Fè klik sou ralonj anlè foto a.

XS
SM
MD
LG