Accessibility links

Breaking News

Sezon NBA a Fikse pou Fen Oktòb


Basketball

Responsab yo nan NBA a publiye lis aktivite pou pwochen sezon an. Kan dantrenman ap kòmanse an Eròp le 1 Oktòb epi le 2 Oktòb Ozetazuni. Tounwa basketball Eropeyen ap dewoule soti 6 pou rive 11 Oktòb. Sezon an ap kòmanse 30 Oktòb. Match tout vedèt la fikse pou 17 Fevriye nan Nouvel Orleans. Faz final la ap kòmanse 19 Avril. Tiraj osò pou nouvo venu yo fikse pou 26 Jwen nan New York.

Lebron James make 26 pwen pou pèmèt Etazuni wouze Urugwe ak yon viktwa 118 a 79 nan kad tounwa entènasyonal basketball Amerik ak Karayib la kap dewoule nan Las Vegas Nevada. Arjantin remonte yon defisi 17 pwen pou l kale Brezil 86 a 79 nan pwolongasyon. Aswè a Etazuni ap rankontre Arjantin-2 seleksyon yo envenku juska prezan. Nan lòt rankont Kanada kale Meksik 97 a 80 Porto Riko danse sou Venezuela 92 a 63. Jodi a Porto Riko ap rankontre Kanada pou yon plas nan semi final la.

Football

Vanuatu krabinen Samoa Ameriken yo 15 a 0 nan kad match kalifikatif koup du mond football Afrik du Sud zòn Oseyani. Vanuatu make 5 gòl nan premye mitan an avan li toupizi Samoa Ameriken yo ak 10 lòt gòl. Nan lòt rankont ki jwe nan Pasifik Sud la Tuvalu fè match nul 1 a 1 ak Tahiti. Nouvèl Kaledoni pase Zile Kook yo yon swif 3 a 0 epi Samoa tronse Tonga 2 a 0. Final tounwa a fikse pou 7 Septanb.

3 premye yo ap kalifye pou 2 zièm tou tounwa a ansanm ak Nouvèl Zeland. Venkè a ap rankontre ak yon ekip nan Konfederasyon Azyatik la nan yon seri repechaj ale/retou. Venkè seri a ap kalifye pou faz final koup du mond la an 2010.

Arjantin kalifye pou kar de final koup du mond FIFA kategori kadè apre yo tronse Kosta Rika 2 a 0 maten an. Nan lòt rankont Nijerya pase yon move moman pou l elimine Kolonbi 2 a 1. Nijerya ap rankontre Arjantin nan kar de final la. Nan lòt rankont Angletè toupizi la Siri 3 a 1 , epi Almay ranpòte yon viktwa tou mens 2 a 1 devan Etazuni. Kar de final la fikse pou Samdi lè Espay ap rankontre ak la Frans epi Peru kont Gana.

Isit Ozetazuni klub Meksiken Pachuka kale Los Anjeles Galaksi 4 a 3 sou tir de penalite apre 2 ekip yo te fini 1 a 1 malgre pwolongasyon nan premye edisyon final Super liga ki mete fas a fas 4 meyè ekip lig Meksiken an ak lig football balonwon ameriken an. Pachuka ki ranpòte trofe supè lig la ak yon milyon dola.

Prezidan Unyon Football Eropeyen an franse Michel Platini vle pou final lig chanpyon Eropeyen an dewoule pandan weekend olye de Mèkredi pou fasilite ti moun ak fanmi asiste rankont yo.

Sous pwòch FIFA a rapöte posibilite pou òganizasyon an pwopoze yon stil olenpik nan fason lap chwazi peyi kap akeyi koup du mond la. A pati de 2018 tout peyi manb yo kapab soumèt kandidatu yo olye de sistèm rotasyon pa kontinan ki ekziste kounye a ak yon leje modifikasyon. Sa vle di Afrik du Sud ak Amerik du Sud la pap kapab poze kandidatu yo akoz yap akeyi 2 dènye edisyon yo ( 2010,2014).

Obsèvatè yo konsidere desizyon an kòm yon fason pou soulaje Unyon Football Eropeyen an ki tap òganize konpetisyon an chak 3 sikl. Tout konfederasyon football yo bat bravo pou nouvo sistèm nan eksepte zòn KOKAKAF la akoz prezidan an Jack Warner ki se vis prezidan FIFA ta renmen Meksik akeyi konpetisyon an 2018--Sepp Blatter, prezidan FIFA a te deja di li ta renmen koup du mond dewoule an Amerik du Nò.

Angletè ak Benelux yo ak Beljik, la Oland ak Luksanbourg deja manifeste entansyon yo pou akeyi koup du mond la an 2018. Lòt peyi tankou la Rusi, Etazuni, la Chin, Itali, Espay ak Ostrali manifeste entansyon yo tou.

Blesu vedèt football Angle David Beckham resevwa yè swa nan final Super Liga a ant Los Anjeles Galaksi ak klub Meksiken Pachuka bay anpil kè sote pou l pa kapab jwe 2 pwochen match kalifikatif Ero 2008 kont Izrayèl ak la Rusi. Beckam pral subi tès demen Vandredi a pou detèmine si l kapab jwe pou Angletè le 8 Septanb kont Izrayèl epi la Rusi 4 jou apre. Yon dechirur kapab bay Beckham yon kanpe lwen ant 4 a 6 semen.

Atletisme

Ameriken Tyson Gay ranpöte kous 200 mèt la an 19 pwen 76 sekond devan Jamayiken Usain Bolt ak konpatriòt li Rodney Martin. Sa Fè Gay 2 zièm meday dò li ranpòte nan chanpyona atletis la apre li te ranpòte kous 100 mèt la Dimanch la. Panameyen Irving Saladino ranpòte meday dò nan so an longè devan Italyen Andrew Howe ak ameriken Dwight Howard. Ostralyen Jana Rawlinson ranpòte kous 400 mèt obstak feminen an. Rawlinson ranpòte meday dò a devan chanpyon sòtan an Rus Yuliya Pechenkina ak Polonè Anna Jesien. Ekip relè 400 mèt franse, chanpyon sòtan, abandone konpetisyon an akoz 2 manb ekip la blese.

Tennis

Numewo 1 mondyal tenis feminen an Justin Henin kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis US Open nan gras ak 2 kout rakèt li pase Bulgar Tsvetana Pironkova 6-4, 6-0. Ameriken Serena Williams te lute avan li kale Italyen Maria Elena Camerin 7-5, 6-2. Venus Williams pagen rankontre difikilte pou l kale Woumèn Ioana Raluca Olara 6-4, 6-2. Sèb Ana Ivanovic kale san pwoblèm franse Aravane Rezai 6-3, 6-1.

Bò kote mesye yo Swis Roger Federer te pran swen chilyen Paul Capdeville 6-1, 6-4, 6-4. Espayòl Rafael Nadal kale Ostralyen Alun Jones 7-5, 3-6, 6-4, 6-1.

XS
SM
MD
LG