Accessibility links

Breaking News

Kanpay Anti-Koripsyon: Yon Omdafè devan Komisè Gouvènman Pòtoprens la


Komisè gouvènman Pòtoprens la, Claudy Gassant, tande depozisyon Doktè Réginald Boulos ki te gen pou reponn akizasyon deske li ta mele nan koripsyon. Rankont Gassant-Boulos la antre nan kad kanpay prezidan René Préval te anonse sa pa gen lontan pou gouvènman ayisyen an lite kont koripsyon. Sou menm dosye sa a, apèl sòti nan palman an pou mande misye Préval kòmanse kanpay sa a nan antouraj imedya li, paske, daprè kèk palmantè tankou depite Jonas Cofi, ta gen moun ki konwonpi pami pwòch kolaboratè lidè ayisyen an.

Yon lòt kote, prezidan Komisyon Dezameman ak Reyensèsyon Sosyal la, ansyen Senatè Alix Fils-Aimé, montre laprès, nan jounen jedi 23 out la, kèk gwo zam manm sektè prive a remèt komisyon an - -yon siy ki ta fè wè sektè komès ak endistri a gen konfyans nan kanpay la puiske sekirite sanble ap retounen piti piti nan peyi a.

Anfen, peyizan nan Plato Santral la fonde yon òganizasyon pou defann enterè yo an gwoup e non pa chak moun a pa, jan sa t ap fèt jiskela.

Klike sou lyen anlè a pou w konte devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo, plis edisyon Pawòl Timoun pou vandredi 24 out 2007 la avèk Jacquelin Bélizaire.

XS
SM
MD
LG