Accessibility links

Breaking News

Brezil Gonfle Ponyèt li nan Koup du Mond FIFA a


Football

Angletè pilon-nen Nouvèl Zeland 5 a 0 epi Perou fè match nul 0 a 0 ak Togo nan kad koup du mond football kadè a kap dewoule nan Kore du Sud. Nan löt rankont ki jwe Brezil woule Kore du Nò 6 a 1. Brezilyen yo te make 3 gòl nan 4 minit pou desounen Nò Koreyen yo avan yo te rekonèt yo. Brezil nan tèt group B a ak 6 pwen devan Angletè ki klase 2 zièm ak 4 pwen. Duèl Vandredi ant Angletè ak Brezil. Nan group A Kosta Rika kale Kore du Sud 2 a 0 pou l pataje group la ak Perou ki gen 4 pwen yo chak. Togo klase 3 zièm ak 2 pwen. Demen Mèkredi a Siri ap rankontre Espay epi Arjantin kont Honduras nan group C a. Ayiti kont la Frans epi Nijerya kont Japon nan group D a.

Responsab klub Pòtugè Benfika non-men espayòl Jose Antonio Camacho kòm nouvo antrenè klub la ak espwa yap retounen sou sèn football entènasyonal la. Camacho, ki te antrene klub la an 2004, ranplase Pòtugè Fernando Santos akoz movèz pèfòmans klub la renmèt.

Footbalè ameriken Landon Donovan kapab pran tèt butè jeneral la si l make yon gòl nan okazyon rankont Etazuni gen pou jwe kont la Swèd demen Mèkredi a. Donovan a egalite ak Eric Winalda pou 34 gòl yo chak. Angle David Beckham kapab jwe pou seleksyon an nan okazyon match amikal kont Almay nan Stad Wemble a.

Antrenè seleksyon Steve McClarens di vedèt Los Anjeles Galaksi antrene ak seleksyon an e li pa wè pwoblèm pou l ta reprezante Angletè pou yon 97 tièm fwa. Antrenè seleksyon Brezil Dunga fè konnen Ronaldinho ak Kaka dwe travay seryezman pou yo kapab rejwen plas yo nan seleksyon nasyonal la apre yo pat patisipe nan Kopa Amerika a.

Chanpyon sòtan koup Merkeda a Birmani kale Lesotho 1 a 0 epi Malezi kale Laos 2 a 0 nan match douvètu tounwa a kap dewoule nan Kuala Lumpur Zimbabwe gen pou jwe kont Sengapour epi Bangladesh kont Endonezi.

Basketball

Chanpyona Federasyon Basketball Intènasyonal la ap demare demen Mèkredi an nan Las Vegas Nevada ak patisipasyon 10 peyi Nò-Sant Amerik ak Karayib la pou konnen peyi ki pral reprezante zòn nan nan Je Zolenpik Peken 2008 yo. 10 peyi yo divize an 2 group de 5. Nan group A a nou jwen Panama, Urugwe, Meksik, Arjantin ak Porto Riko. Nan group B a nou jwen Etazuni, Zil Vyèj Britanik yo, Kanada, Brezil ak Venezuela. 2 premye yo ap kalifye otomatikman pou je zolenpik yo. 3zièm, 4 trièm ak 5 kièm nan pral yon gen lòt chans kalifikasyon apre yo patisipe nan yon tounwa repechaj nan yon tounwa kap dewoule 1 mwa avan dewoulman je zolenpik yo. Etazuni seleksyon pibon pami bon jwè kap evolye nan NBA a.

Atletisme

Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la ap òganize eleksyon demen Mèkredi a kèk jou avan kou danvwa chanpyona du mond Atletik kap dewoule nan Osaka O Japon. Senegalè Lamine Diack kapab elu pou pase yon dènye manda 4 tran nan tèt òganizasyon atletis la.. Msye okipe pòs la depi 1993. Gen 8 kandida kap men-nen kanpay dèyè pòs vis prezidan an ki vid.

Olympic

Gen nouvèl depaman pou konnen si wi ou non tès sou kontrol sikulasyon ki dewoule nan vil Peken revele yon amelyorasyon nan kalite lèr la. Medya leta chinwa rapòte jodi a kalitè èr moun ap respire nan vil la pandan yon tès 4 jou montre gen amelyorasyon. Tès la retire nan la ri a plis pase 1 milyon machin chak jou nan la ri a. Nouvèl endepandan yo revele di lèr la pa twò bon kalite,

Tennis

Tèt de seri numewo 2 espayòl Tommy Robredo kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Pen Pilot la nan New Haven Connecticut apre li woule ansanm ak Otrichyen Sybille Bammer. Bammer pat gen difikilte pou l kale ameriken Meghann Shaughnessy 6-4, 6-2 pandan ke Robredo woule franse Marc Gicquel 6-4, 6-4. Ameriken Mardy Fish remonte yon difisi pou l kale Italyen Filippo Volandri 6-7, 7-5, 6-0. Menm situasyon an pou Jarkko Nieminen ki remonte yon defisi pou l kale espayòl Feliciano Lopez 3-6, 6-2, 7-6. Bò kote meda m yo Rus Elena Dementieva te fè efò avan li kale Italyen Mara Santangelo 6-2, 3-6, 6-0.

Tounwa sa a se dènye tounwa chofe jarèt avan debut tounwa U S Open nan kap kòmanse Lendi nan New York.

Numewo 1 tenis mondyal la Swis Roger Federer, ki pral dèyè yon 12 zièm tit Gran Shelem, seleksyone kòm tèt de seri numewo 1 tounwa tenis U S Open nan ansanm ak Justine Henin nan kategori meda m yo. Rus Maria Sharapova se tèt de seri numewo 2 ansuit nou jwen Sèb Jelena Jankovic, Rus Svetlana Kuznetsova ak Ana Ivanovic.

Bò kote mesye yo espayòl Rafael Nadal se tèt de seri numewo 2 ansuit nou jwen Sèb Novak Djokovic, Rus Nikolay Davidenko, Ameriken Andy Roddick. Federer, ki ranpòte tounwa a 3 fwa afile, kapab tounen premye jwè depi ane 20 yo ki kapab ranpòte tounwa an pou yon 4 trièm fwa afile. 13 jwè ki ranpòte tounwa Gran Shelem o mwens pou yon fwa, figure sou lis 32 gason ak 32 fi kap patisipe nan dènye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a.

XS
SM
MD
LG