Accessibility links

Breaking News

Tout Reprezantan KONKAKAF Pèdu nan Koup du Mond U-17 la


Football

Tunizi woule la Beljik 4 a 2 epi Almay fè match nul ak Kolonbi 3 a 3 nan kad 3 zièm jounen koup du mond fifa kap dewoule nan Kore du Sud. Nan lòt match ki dewoule jodi a Etazuni tonbe 4 a 3 devan Tajikistan epi Gana woule Trinidad and Tobago 4 a 1. Yè Dimanch la Ayiti tonbe devan Japon 3 a 1 epi Nijerya suprann la Frans ak yon viktwa 2 a 1. Nan ouvètu chanpyona a Brezil danse sou Nouvèl Zeland 7 a 0. Pewou te fè anpil efò anvan li kale Kore du Sud 1 a 0. Kosta Rika fè match nul 1 a 1 ak Togo epi Kore du Nò fè match nul 1 a 1 ak Angletè.

Angle David Beckham ede Galaksi make 3 gòl malgre tou ekip la tonbe devan New York Red Bulls 5 a 4 Samdi nan chanpyona football balonwon ameriken an. Plis pase 66 mil fanatik te fè deplasman pou al asiste rankont la nan yon stad kote kantite pa de pase 12 mil moun an mwayè n. Beckhman jwe tout 90 minit rankont la.

Beckham ale nan vil Lond kote li pral jwe pou seleksyon Angle kap rankontre Almay nan okazyon yon match amikal entènasyonal Mèkredi. Beckham espere jwe 97 tièm rankont entènasyomnal pou seleksyon Angle a malgre lap soufri ak pwoblèm nan je pye.

Abit Angle Rob Styles pran yon kanpe lwen nan pwochen jounen chanpyona Angle a apre movèz pèfòmans nan rankont Liverpool/ Chelsea a dapre deklarasyon responsab abit yo Keith Hackett fè. Abit Rob Styles te akòde Chelsea yon penalite kontwovèse ki pèmèt yo rache yon nul 1 a 1 kont lakay Liverpool. Responsab abit yo, Hackett di abit yo dwe pran responsabilite lè yap pran yon desizyon enpòtan-e ke penalite a pat bon pa konsekan msye suspann pou pwochen jounen chanpyona Angle a.

Medya yo nan Portugal rapòte responsab klub Pòtugè Benfica revoke antrenè ekip la apre match nul 1 a 1 yo subi devan Leixoes ki fèk monte nan premyè divizyon. Kapitèn klub espayòl Real Madrid Raul fè konnen ekip la kapab amelyore apre defèt 5 a 3 yo subi a domisil devan FC Seville nan match retou Supercoup Espay la yè Dimanch la. Real Madrid ap louvri sezon chanpyona espayòl la SAmdi lè yap rankontre FC Seville ki depanse plizyè milyon dola nan achte sèvis nouvo jwè.

Federasyon football Bèlj la anonse Philipp Clement ak Jelle Van Damme pap jwe pwochen rankont kalifikatif peyi a gen pou jwe kont Sèbi.

Derby County ki sot monte nna premyè divizyon Angle a siyen yon kontra ak ameriken Eddie Lewis ki te konn jwe nan Leeds United. Nouvèl yo pa di ji kantite lajan Derby County peye pou frè transfè a.

An Itali AS Wòm ranpòte Super Koup la gras ak yon viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Inter de Milan. An Frans Nancy bloke efò Olympik de Marseille tap fè pou l ranpòte premye viktwa l nan chanpyona premyè dvizyon franse a apre 2 ekip yo fè match nul 2 a 2.

Aktyalite a nan Eròp de Lès la Spartak de Moskou raproche l pou l ranpòte chanpyona Rus apre viktwa 4 a 0 yo ranpöte devan Kuban Krasnodar pou m,ete a 5 pwen davans devan konpetitè yo Zenit St Petersburg.

Federasyon Football Sèb la ki krent yon evantuèl ekspulsyon kòm manb Unyon Football Eropeyen an kòmanse yon kanpay pou l konbat rasis ak konpòtaman anti spòtif nan okazyon match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon 2008 la.

Responsab yo nan Federasyon an kòmanse distribue brochu bay fanatik yo pandan ke jwè yo pral ekri sou unifòm yo pawòl: “sispann rasis.” Efò sa a ap fè apre Unyon Football Eropeyen an te lanse avètisman pou di nenpòt move konpòtaman anti rasis ap gen pou konsekans ekspulsyon seleksyon an nan Konpetisyon Eropeyen an. Unyon Football Eropeyen yo te frape federasyon yon amand 33 mil dola pou pwopo fanatik ak jwè te lanse kont jwè nan eleksyon Angle mwen e 21 ane mwa Jwen pase.

Cyclisme

Ekip Siklis Astana kous bisiklèt Astana ap rekòmanse patisipe nan kous bisiklèt pwofesyonèl a pati de 2 Septanb dapre anons ki fèt jodi a nan vil Jenèv an Swis. Ekip siklis la kap patisipe nan kous bisiklèt Grand Prix a nan Wès la Frans, fè konnen lap travay otorite Swis yo pou jwen yon sistèm kontwòl eksteryè e ki endepandan pou fè ekzamen kont siklis yo an deyò konpetisyon. Astana te supoze rekòmanse patisipe nan konpetisyon a pati de 1 Septanb nan kous bisiklèt Tour Espay la men òganizatè yo anule envitaasyon an apre 3 siklis ekip la te teste pozitif pou uzaj anabolizan.

Tennis

La près britanik rapòte jwè tenis Britanik Tim Henman ap pare pou anonse retrèt li. Nouvèl yo rapòte Henman kapab patisipe nan tounwa tenis US Open nan nan New York kap kòmanse 27 Out pou l fini 1 Septanb. Henman ap patisipe nan koup Davis Angletè gen pou jwe kont Kwasi a pati de 21 Septanb.

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer ranpot̀e 50 tièm tounwa tenis nan karyè l apre li kale ameriken James Blake 6 -1, 6-4 nan tounwa tenis Cincinnati a. Federer se 9 vièm jwè depi 1968 ki ranpòte 50 tounwa tenis nan karyè l. Swedwa Bjorn Borg te pi jè n jwè tenis ki te ranpòte 50 tounwa tenis nan karyèl a 23 zan 7 mwa devan ameriken Jimmy Connors ki fini karyè l ak 109, John McEnroe 77, Tchèk Yvan Lendl 94 ak ameriken Pete Sampras ki mete fen nan karyè l ak 64 tit.

Bò kote meda m yo numewo 1 tenis mondyal Bèlj Justin Henin ranpòte 35 kièm tit nan karyè l gras ak yon swif 7-6, 7-5 li pase Sèb Jelena Jankovic nan tounwa tenis koup Rogers la ki tap dewoule nan Toronto Kanada

Ameriken Donald Young ranpòte premye match nan debu tounwa tenis pwofesyonèl nan karyè l apre li kale konpatriòt li Amer Delic 4-6, 6-3, 6-4 nan tounwa tenis kap dewoule nan New Haven Connecticut.

Volleyball

La Polòy, ansyen chanpyon volebòl Eropeyen, kalifye pou dènye plas koup du mond volebòl Gran Prix Feminen an kap dewoule nan Osaka o Japon apre yo kale Kazakhstan 3 a 1. Lò peyi yo se chanpyon an tit la Brezil, chanyon du mond la Rusi, Itali, la Oland ak la Chin ki kalifye pou final la kap dewoule soti 22 pou rive 26 Out an Chin.

XS
SM
MD
LG