Accessibility links

Breaking News

Sektè Prive Ayisyen an ap Patisipe nan Kanpay Dezameman an


Sektè prive ayisyen an kòmanse patisipe nan kanpay dezameman gouvènman Préval-Alexis a mete sou pye pou konbat ensekirite nan peyi-a. Prezidan Komisyon Dezameman ak Reyensèsyon an, ansyen senatè Alix Fils-Aimé, bay yon konferans pou laprès nan Pòtoprens kote li ilistre nouvèl la avèk prezantasyon kèk zam manm sektè bisniz la remèt komisyon an. Daprè kèk obsèvatè, jès sektè prive a se yon prèv ki ta montre sekirite kòmanse retounen nan peyi a.

Yon lòt kote, lidè kominotè ayisyen yo nan eta Florid fè konnen kè-sote yo poutèt, daprè yo, gouvènman ayisyen an pa ta fè ase efò pou l ede konpatriyòt imigrasyon ameriken ap depòte.

Pandansetan, nan Gonayiv, manm laprès kritike yon komisyon gouvènman an te fòme pou mennen ankèt sou ka jounalis ki te viktim zak vyolans. Anfen, nan Plato Santral la, otorite yo kòmanse enstale manm admininsitasyon kominal yo ak lòt eli lokal ou rejyonal ki te pase nan dènye eleksyon yo.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo. Aprè nouvèl yo, nou va kapab tande edisyon "Pawòl Timoun" pou vandredi 17 out 2007 la avèk Jacquelin Bélizaire.

XS
SM
MD
LG