Accessibility links

Breaking News

David Beckham Siyen nan Lig Football Ameriken an


Football

Vedèt football Angle David Beckham make yon gòl ak yon pas ki make yon lòt gòl nan viktwa 2 a 0 Los Anjeles Galaksi ranpòte devan DC United nan kad semi final koup Super Liga a ki reyuni 4 meyè ekip MLS la ak 4 Lig Meksiken an. Galaksi pral rankontre an final klub Meksiken Pachuka ki elimine Houston Dinamo sou tir de penalite. Ekip ki ranpòte final la ap resevwa 1 milyon dola kòm rekonpans.

Pou sa ki gen rapò ak Beckham antrenè seleksyon angle a Steve McClaren anonse lap seleksyone Beckham nan seleksyon ki pral rankontre Almay nan yon match amikal. Lis la ap publiye demen Vandredi.

Meksik ap jwe ak Panama nan yon match amikal ki fikse pou 9 Septanb. Panama ranplase Etazuni ki te poze twòp kondisyon pou rankont la. Etazuni ap jwe ak Brezil nan menm dat la. Meksiken kapab mete sou teren an ekip Olenpik la nan kad preparatif pou eliminatwa Je Olenpik Peken 2008 la.

Seleksyon nasyonal Salvador a( 25 jwè) abandone kan dantrenman an siy de pwotestasyon salè federasyon an dwe pou patisipasyon nan koup dò KONKAKAF la. Salvador tap pare pou jwe yon match amikal kont Onduras le 22 Out.

Tennis

Vedèt tenis franse Amelie Mauremo pap patisipe nan tounwa tenis U S Open nan akoz pwoblèm li gen nan pye.

Britanik Andy Murray anonse li pap patisipe nan tounwa tenis Pen Pilot la kap dewoule nan New Heaven Connecticut sanble akoz li bezwen konsantre sou pwochen tounwa Gran Shelem US Open nan. Tounwa a ap demare soti 17 pou fini 25 Out-swa yon semen avan debu tounwa tenis U S Open nan.

Italyen Francesca Schiavone supran Rus Elena Dementieva ak yon viktwa 6-7, 6-3, 6-2 pou l pase nan 3 zièm tou tounwa tenis feminen koup Rogers la kap dewoule nan Toronto Kanada.

Espayòl Rafael Nadal, numewo 2 tenis mondyal maskulen an, elimine nan tounwa tenis Cincinnati a fas a Arjanten Juan Monaco apre yon blesu te fòse l abandone depi nan 2 zièm manch la. Ostralyen Lleyton Hewitt kalifye pou 3 zièm tou tounwa a apre li elimine franse Richard Gasquet ki abandone nan 2 zièm sèt la.

Òganizatè tounwa tenis Gran Shelem US Open nan envite 8 atlèt pou vinn patisipe nan tounwa a kap k̀kòmanse 27 Out. Pami envite yo nou jwen chanpyon juniò Wimbledon nan ameriken Donald Young ak John Esner ki te rive nan final tounwa tenis Legg Mason ki sot dewoule isit Washington.

Olympic 2012

Dokuman 10 mil plaj planifikasyon Je Zolenpik Lond 2012 yo ale devan Otorite yo ki gen pou pwononse yo sou konstruksyon enfrastruktu Konpetisyon an. Dokuman an prevwa konstruksyon 5 enstalasyon spòtif ak lòt nan yon surfas 2 kilomèt edmi nan pati Lès vil la.

XS
SM
MD
LG