Accessibility links

Breaking News

Ayiti Fè Bèk Atè nan Je Univesitè yo


Je Univèsite

Judoka ayisyen Josue Desprez pèdu devan Ejipsyen Hussein Hafiz nan 2 zièm tou je Univèsite yo kap dewoule nan Bankòk Tailand. Defèt sa a mete fen nan patisipasyon Ayiti nan konpetisyon an kap fini Samdi 18 Out.

Larry Rink prezidan komisyon medikal je Univèsitè yo demanti nouvèl ki fè konnen ta gen atlèt ki teste pozitif pandan dewoulman konpetisyon an. Doktè di jounalis yo mal entèprete kòmantè li te fè yè Madi a lè l te di sou yon total 276 tès ki fèt tout negatif e pa gen oken rezulta ki pozitif. Msye Rink di plis pase 600 atlèt ap teste avan fen konpetisyon an.

Basketball

Ansyen abit NBA rann tèt li bay la polis e plede koupab devan yon tribunal Federal nan New York kòm hazaryen e ke li abitye parye lajan sou match li abitye abitre nan NBAa. Si la justis jwen li koupab msye Donaghy kapab pase 25 nan prizon. Donaghy fè konnen li founi enfömasyon sou kalandriye lòt abit bay lòt moun kap parye sou ekip yo e li menm di sou ki ekip pou yo parye si rezulta byen pase pou l resevwa yon pati nan lajan an. Donaghy demisyone nan NBA a 9 Juyè pase apre 13 zan karyè kòm abit.

Olenpik

Responsab konstruksyon Je zolenpik Peken 2008 yo rejte bri kap kouri kòm kwa yap deloje 1 milyon edmi rezidan nan vil la kote konpetisyon an ap dewoule. Msye di nan yon konferans pou jounalis delojman an ap fèt graduèlman pou pwoteje katye istorik vil la men chif 1 milyon edmi a ekzajere.

Prezidan Ajans Anti Dopaj Mondyal la Kanadyen Dick Pound mande komite òganizatè Je Zolempik Peken 2008 yo pou ogmante kantite tès yap fè sou atlèt chinwa yo pou l konbat dopaj. Msye Pound di li pral sere boulon komès pwodui dopan kap fèt sou entènèt la. Otorite Chinwa yo ogmante tès yo ant 9 a 10 mil tès. 70 pou 100 nan tès yo fèt an deyò konpetisyon. Msye Pound anonse yon vizit an Chin semen pwochen nan kote li pral di otorite ekzakteman sa yo dwe fè.

Cyclisme

Ekip siklis Unibet.com anonse ekip la ap disoud nan fen ane a apre prensipal sponsor ekip la deside li pap kore yo finansyèman.. Desizyon an rive apre diskusyon manch long ant ekip Unibet la, konpayi je hazard Swedwa ak komite òganizatè Tour de Frans la ki refuze envite ekip la akoz la lwa fransèz entèdi publisite ki gen rapò ak je hazar. Unyon Siklis Entènasyonal la ak Unyon Eropeyen an supòte ekip siklis Unibet la men yo pa rive konvenk komite òganizatè franse a. Anons sa a fèt apre ekip siklis ameriken ekip siklis Discovery Ameriken an a te anonse disolusyon ekip la akoz yon sponsò. Ekip la lage responsabilite a sou eskandal dopaj ak move publisite ki afekte siklis nan mwa ki pase yo.

Siklis Alman Gerald Ciolek ranpòte 6 zièm etap kous bisiklèt Tour Almay la. Konpatriòt li Jens Voigt toujou nan tèt klasman jeneral la ak 33 sekond devan espayòl David Lopez ak Olandè Robert Gesnik. Siklis ameriken Levi Leipheimer klase 5 kièm.

Prèske tout jwè Etazuni genyen kap evolye an Eròo ap fè pati seleksyon ki pral rankontre la Swèd Mèkredi eksepte 3 jwè. 8 jwè ap evolye nan chanpyona Angle a e 4 lòt yo ap evolye an Almay. 3 jwè ak jwe nan Lig football balonwon ameriken an.

Footbalè Angle David Beckham anonse li espere jwe yon wòl enpòtan lè Los Anjeles Galaksi ap jodi a DC United nan okazyon semi final Super Liga a. Bekcham di li ta renmen yon jwe o mwen 45 minit pandan rankont la kap jwe nan Los Anjeles. Nan lòt semi final la ki jwe yè swa klub Meksiken Pachuka elimine klub ameriken Houston Dinamo 4 a 3 sou tir de penalite apre tan reglemantè a te fini 2 a 2.

Antrenè seleksyon Angle a Steve McClaren anonse Beckham ap fè pati lis jwè lap konvoke ki pral patisipe nan match amikal kont Almay 22 Out nan vil Lond. Msye di lap tann juska Vandredi an atandan pèfòmans Beckham nan match aswè a.

Adolesan ameriken Freddy Adu jwe premye rankont li pou Benfika De Lisbon nan kad match ale eliminatwa Lig dè chanpyon Eropeyen an. Benfika ranpòte rankont la 2 a 1. Match retou a fikse pou 29 Out. Nan lòt rankont Lazio de Wòmm fè match nul 1 a 1 ak Dinamo de Bukarès. Glasgow Rangers kale Etwal Wouj de Belgrad 1 a 0 epi Valencia suprann klub Swedwa Elfsborg 3 a 0.

Tennis

Ameriken James Blake kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Cincinnati a apre li kale Kolonbyen Alejandro Falla 7-6, 6-1. Kwat Mario Ancic suprann alman Tommy Haas an 3 manch 3-6, 7-6, 6-3. Chipriòt Marcos Baghdatis elimine san ezite adolesan Britanik Andy Murray 6-1, 6-2.

XS
SM
MD
LG