Nan yon vòt pou lafòm, yon vòt ki pap bay delege pou konvansyon nasyonal Pati Repibliken an, elektè nan pati sa a bay ansyen gouvènè Massachusetts Mitt Romney anviwon 31-pousan vwa, kidonk premye plas pami kandida ki te reprezante yo. Nan dezyèm pozisyon, nou jwenn yon ansyen gouvènè eta Arkansas (eta kote Bill Clinton soti a), Mike Huckabee.
Kandida ki nan tèt kous la (nan pratikman tout sondaj nasyonal) nan kan repibliken an, anpalan de ansyen Majistra New York Rudy Giuliani, pat' patisipe nan "vote de paille" eta Iowa a, samdi 11 jiyè 2007 la. Senatè John McCain ki trè koni sou sèn politik nasyonal la, ak ansyen Senatè Fred Thompson (ki poko deklare kandidati li ofisyèlman, men ki popilè pami repibliken yo), yo-menm nonplis pat' reponn alapèl.
Venkè yo, Romney ak Huckabee deklare absan yo te pè pou yo pat anbarase ak yon move rezilta. Gouv. Romney te depanse plizyè milyonn dola pou l' te ka jwenn apui elektè Iowa yo, malgre vòt la pa gen okenn valè pou rezilta final kous la.
Pou w ka koute repòtaj nou an an detay, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.