Accessibility links

Breaking News

Chèf Sivil Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH ) di Peyi a pa Bezwen yon Fòs Zame.


Chèf Sivil Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH), Edmund Mullet, fè konnen peyi a pa bezwen yon fòs zame, men plis apui pou fòs polis li a. Misye Mullet fè deklarasyon sa a nan moman deba ap fèt nan sosyete ayisyèn nan sou kesyon pou konnen eske li ta bon pou gouvènman an kreye yon lòt fòs sekirite nan peyi a. Pandansetan, yon senposyòm politik dewoule semèn sa a nan Pòtoprens kote lidè kèk pati twoke lide sou fason pou Ayiti reyisi eksperyans demokratik li a. Anfen, palman an vote yon lwa li pral pèmèt Pouvwa Jidisyè a nonmen plis jij nan peyi a.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG