Accessibility links

Breaking News

Ayiti fè bèk atè nan Je Univesitè yo


Je Univèsitè

Najè Swis Flavia Rigamonti ranpòte meday dò nan je Univèsitè kap dewoule nan Tailand Bankòk. Judo ayisyen Tudor Sanon elimine nan Je Univèsitè yo devan Kanadyen Reginald Lawrence ki pa tap dòmi. Kanadyen an ranpòte rankont la 3 a 0. Ayiti gen 2 atlèt kap patisipe nan 24 trièm je Univèsitè yo. Pwochen etap pou Josue Despres. Je yo ap fini 18 Out

Football

David Beckham kap jwe nan Los Anjeles Galaksi rive nan Washington kote Galaksi ap rakontre DC United aswè a. Beckham ap soufri ak yon blesu nan pye depi mwa Jwen swit a 2 chòk li resevwa pandan 2 rankont. Beckham di se premye fwa lap vizite Washington e li ta renmen monte sou teren an "Mwen kwè se yon situasyon ki frustran lè w se yon spòtif e ke ou pa kapab fè sa w renmen fè. Li pi grav toujou lè se yon blesu ki ekziste depi prèske 8 semen ki anpeche m woule balon. Mwen kòmanse refè-blesu ap amelyore chak jou. Anpil moun menm jan ak mwen ta renmen blesu a geri pi vit". Konklub ansyen vedèt Real Madrid la.Anviwon 45 mil fanatik deja achte tikè yo--match la ap jwe ak gichè fèmen.

Vis Prezidan FIFA a Trinidadyen Jacques Warner kwè Angletè kapab pèdu dwa pou l akeyi koup du mond football 2018 la akoz seleksyon an pa popilè. Nan yon entèviou ki gen pou pase sou BBC msye Warner di gen plus chans pou konpetisyon an dewoule an Itali, la Frans ou byen Espay akoz peyi Eropeyen yo pa vrèman renmen Angletè. Warner pa ekate posibilite pou yon peyi nan zòn KONKAKAF la ta chache akeyi koup du mond 2018 la.

Federasyon Football Zimbabwe a non-men 2 antrenè pwovizwa nan kad match amikal seleksyon an gen pou jwe kont Mozambik 20 Out epi match kalifikatif koup dAfrik dè Nasyon kont Malawi 9 Septanb. Zimbabwe deja elimine nan konpetisyon an se petèt rezon ki eksplike revokasyon antrenè a.

Federasyon football ameriken an non-men Peter Nowak anssyen antrenè DC United pou antrenè seleksyon U-23 a nan kad kanpay kalifikatif Je Zolenpik Peken 2008 yo. Nowak toujou nan pòs asistan antrenè seleksyon nasyonal seniò a. Kanpay kalifikatif je zolenpik yo ap demare mwa pwochen an.

End ap relanse tounwa football koup Nehru nan fen mwa a ak espwa yo kapab retounen sou sikwi entènasyonal la apre 10 absans. Konpetisyon an kap dewoule soti 17 pou rive 29 Out ak patisipasyon Siri, Kyrgystan, Cambodj ak Bangladesh. Federasyon football End la ranvwaye inogurasyon lig football pwofesyonèl la ki te dwe louvri 30 Septanb pou ede seleksyon nasyonal la prepare pou premye tou eliminatwa koup du mond FIFA a kont Liban an Oktòb.

Nouvo antrenè Real Madrid la, Alman Bernd Schuster, ap gen yon lide de pwogrè ki fèt nan klub la lè lap rankontre ak chanpyon koup Wa Seville nan okazyon match ale Supercoup Espay la kap jwe Samdi.

Antrenè seleksyon football franse Raymond Domenech avèti jwè yo kont pyèj pou pa twò konsantre sou pwochen rankont yo gen pou jwe kont Itali mwa pwochen nan kad match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon 2008 la. Domenech mande pou jwè yo pa abòde rankont kòm yon match revanch kont Itali ki te kale yo nan final koup du mond football FIFA a an Almay an 2006. Msye mande pou jwè yo konsantre sou rankont amikal la Frans gen pou jwe kont Slovaki 22 Out.

Lig football Angle a fè konnen Leeds United ki nan 3 zièm divizyon, pèdu demand apèl pou te elimine 15 pwen deduksyon lap purje nan chanpyona football la. Lig la te enpoze sanksyon 15 pwen an apre klub la te chanje patwon san li pat rezoud yon seri de pwoblèm ak lig la. Yon responsab fè konnen klub 2 zièm, 3 zièm ak 4 trièm divizyon vote an favè sanksyon an. Leeds United te rive nan semi final Lig dè Chanpyon Eropeyen an an 2001 e ranpòte chanpyona premyè divizyon Angle a an 1992.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kalifye pou 3 zièm round tounwa tenis Montreal la apre li kale Kwat Ivo Karlovic 7-6, 7-6. Federer pral rankontre ak Italyen Fabio Fognini ki elimine Britanik Andy Murray 6-2, 6-2. Espayòl Rafael Nadal te bezwen 2 manch 7-6, 6-0 pou l kale Rus Marat Safin. Nadal pral rankontre franse Paul Henri Mathieu 6-3, 6-2 ou byen Kwat Mario Ancic. Ameriken Andy Roddick kale an 2 manch 6-1, 7-6 franse Arnaud Clement pou l al rankontre Chipriyòt Marcos Bagdatis ki woule ak kout rakèt Olandè Robin Haase 6-2, 3-6, 6-1.

Sèb Jelena Jankovic te bezwen 2 kout rakèt pou l kale Chinwa Peng Shuai 6-1, 6-1 nan tounwa East West Bank Classic la kap dewoule nan Carson an Kalifòni. Jankovic pral rankontre ak Otrichyen Sybille Bammer ki elimine Holga Govortsova ki soti nan Belarus. Franse Virginie Razzano supran Izrayelyen Shahar Peer 6-1, 4-6, 7-6. Chanpyon sòtan an Rus Elena Dementieva woule ak kout rakèt ameriken Madison Brengle 6-2, 6-0. Rus Maria Sharapova kalifye apre li tronse Grèk Eleni Daniilidou ki anbandone rankont la akoz pwoblèm respiratwa. Sharapova pral rankontre Olandè Michaella Krajicek nan pwochen tou a.

Cyclisme

Siklis Italyen Cristian Moreni reponn kesyon komisè gouvènman Italyen apre li teste pozitif pou dopaj pandan dewoulman kous bisiklèt Tour de Frans la. Moreni ki rekonèt li te konsome yon dròg, kapab fè fas ak 2 zan suspansyon.

Boxe / Castro Lidè Kuben an Fidel Castro anonse li kapab anpeche boksè kuben yo patisipe nan pwochen chanpyona du mond ki gen pou dewoule nan Chikago ansanm ak lòt konpetisyon olenpik pou anpeche atlèt yo sove.

XS
SM
MD
LG