Polis Nasyonal Dayiti (PNH) anonse arestasyon yon lòt òmdafè sou akizasyon deske li ta mele nan trafik dwòg. Pòtpawòl lapolis la, Komisè Frantz Lerebourg, bay detay sou prevni an, kote arestasyon an dewoule a, ak rezondèt aksyon polisye sa a. Yon lòt kote, yon komisyon palmantè ki t ap prepare yon revizyon lwa sou prizon prevantif, fini travay sa a e li soumèt kèk rekòmandasyon devan palman an.
Anfen, daprè nouvèl ki sòti nan vil Okay, yon gwoup jounalis fòme yon òganizasyon avèk misyon pou fòse otorite lajistis yo ouvè dosye jounalis ki te mouri anba vyolans depi ane 2000 nan peyi Dayiti.
Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo, plis edisyon Jistis USA (avèk Ronald César) ak Demokrasi ann Aksyon (avèk Jacquelin Bélizaire) pou jounen 7 out 2007 la.